BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/10 p. 4-7
  • Kiyès Papa nou ki nan syèl la ye toutbon ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès Papa nou ki nan syèl la ye toutbon ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “ Non l se Jewova ”
  • “ Bondye ki gen lanmou ak lapè a ”
  • “ Bondye ki konnen tout bagay ” la
  • ‘ Bondye delivrans ’ lan
  • Fason pou nou vin “ pitit Bondye ”
  • Priyè Nòtrepè a : Sa l vle di pou ou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Glorifye Jewova antanke sèl vrè Dye
    Adore sèl vrè Dye a
  • “ L ap pwoche bò kote nou ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ann onore gran non Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/10 p. 4-7

Kiyès Papa nou ki nan syèl la ye toutbon ?

ANPIL moun konn resite priyè Nòtrepè a, yon priyè ki sèvi kòm modèl Jezi te montre disip li yo (Matye 6:9-13). Chak fwa y ap fè priyè sa a, yo rele Bondye “ Papa ” yo. Men, konbyen nan yo ki ka di yo konnen Bondye byen ?

E ou menm ? Èske w konn Bondye byen ? Èske w gen yon relasyon sere avè l, èske w pale avè l, èske w di l sa k fè w kontan ak sa k fè w tris ? Anfèt, ki sa sa vle di konnen Bondye ?

“ Non l se Jewova ”

Lè yon timoun piti, li rele papa l “ papa ”, se sa sèlman li konnen sou li. Men, etan l ap grandi, li vin konn non papa l, repitasyon l e li ka menm fyè de li. E Papa nou ki nan syèl la ? Èske w konn non li, èske w konnen ki sa non sa a vle di ?

Anpil moun repete fraz sa a lè y ap fè priyè Nòtrepè a : “ Nou mande pou yo toujou respekte non ou. ” Men, yo ka mal pou yo reponn ou si w mande yo : “ Ki non sa a ? ” Gen anpil bagay ki pwouve egzistans Bondye, tankou syèl la ki chaje zetwal, gwo mòn yo, lanmè a ki chaje pwason. Poutan, yo pa di nou ki jan l rele. Pou nou konn non Bondye, nou dwe ale nan Bib la. Bib la di byen klè : “ Non l se Jewova. ” — Egzòd 15:3, NW.

Bondye vle nou konnen non l, Jewova. Poukisa ? Paske non l di kiyès li ye. Literalman, non sa a vle di “ Li fè vin tounen ”. Sa vle di, l ap vin tounen kèlkeswa sa ki nesesè a pou l akonpli objektif li. Annou pran yon egzanp pou n eseye konprann sa. Pou yon papa pran swen fanmi l, selon moman an e selon bezwen fanmi l genyen, li gendwa se bay l ap bay fanmi an sa l bezwen nan domèn materyèl, li gendwa vin yon konseye, yon jij, yon moun k ap rezoud pwoblèm, yon pwotektè oswa yon pwofesè. Menm jan an tou, non Jewova ban nou garanti li gen tout kapasite pou l akonpli volonte l an favè tout moun k ap sèvi l yo, kèlkeswa sa ki ta ka rive yo alavni.

Annou egzamine diferan wòl Bondye ki gen lanmou pou nou an jwe ann amoni ak siyifikasyon non l. Sa ap ede w konprann ki kalite Bondye Jewova ye, e anmenmtan w ap aprann ki sa pou w fè pou w pwoche bò kote l.

“ Bondye ki gen lanmou ak lapè a ”

Apot Pòl te rele Kreyatè nou an “ Bondye ki gen lanmou ak lapè a ”. (2 Korentyen 13:11, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Poukisa ? Men sa Jezi Kris te di anvan sa : “ Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. ” ​(Jan 3:16). Kokennchenn lanmou Bondye genyen pou lèzòm nan te fè l bay Pitit li renmen anpil la kòm yon ranson pou yo, yon fason pou moun ki gen lafwa nan Pitit sa a ka gen posiblite pou yo gen lavi ki pap fini an, yon lavi kote pap gen ni doulè ni soufrans peche lakòz yo. Se poutèt sa, Pòl te di tou : “ Salè peche peye se lanmò, men kado Bondye bay se lavi etènèl pa mwayen Kris Jezi, Seyè nou an. ” ​(Women 6:23, NW). Èske sa pa ta dwe pouse nou renmen Bondye epi pwoche bò kote l ?

Bondye pa sèlman demontre lanmou l pou lèzòm an jeneral. Li montre li gen lanmou tou pou chak moun k ap sèvi l fidèlman. Men sa Moyiz te di Izrayelit tan lontan yo ki te konn dezobeyi Bondye souvan : “ Se konsa nou di [Jewova] mèsi pou sa l’ fè pou nou, bann moun fou san konprann ? Se pa li ki papa nou ? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a ? Se pa li ki ban nou lavi ? ” ​(Detewonòm 32:6). Èske w konprann sa ki di la a ? Menm jan ak yon papa ki renmen pitit li, Jewova te sousye l de pèp li a, malgre li te konn feblès yo byen. Li te ba yo tout sa yo te gen bezwen nan domèn materyèl, afektif ak espirityèl.

Nou tout nou pase bon moman ak move moman nan lavi a. E pafwa, sa fè nou tris, petèt menm sa fè nou deprime. Nou bezwen yon moun pou ede nou gen yon bon pwennvi sou sitiyasyon n ap viv yo e sou pwoblèm nou jwenn yo. Ki moun ki ka ede nou ? Nan Labib nou wè jan Jewova se yon Konseye ki plen lanmou e ki pran swen moun avèk amou. Liv sakre sa a esplike poukisa nou gen tout soufrans sa yo e li esplike ki jan nou ka rive fè fas ak yo e ki jan nou ka andire yo. Menm jan yon papa ki renmen pitit gason l ap ede pitit la lè l tonbe e lè l blese, nan yon sans, lefètke Jewova renmen nou anpil, li bese pou l ban nou èd nou bezwen. Vrèman, men Jewova pa twò kout pou l ede moun ki demontre yo gen lafwa nan li. — Izayi 59:1.

Lefètke Bondye “ koute priyè ” nou, sa montre tou li gen lanmou pou nou (Sòm 65:2). Nan ki sans ? Men sa apot Pòl esplike : “ Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l’ mèsi tou lè n’ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l’, bagay lèzòm pa ka konprann ; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri. ” ​(Filipyen 4:6, 7). Si w priye Bondye ak tout kè w e si w suiv direksyon li bay nan Pawòl li a, ou menm tou w ap gen “ kè poze ” li bay la, yon “ bagay lèzòm pa ka konprann ”.

“ Bondye ki konnen tout bagay ” la

Labib montre Jewova Dye “ pafè nan konesans ”. Antanke “ Bondye ki konnen tout bagay ” la, li konprann lèzòm e li konnen sa yo bezwen plis pase tout lòt moun (Jòb 36:4, NW ; 1 Samyèl 2:3). Pa mwayen Moyiz, sèvitè l la, li te fè konnen “ se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv ”. (Detewonòm 8:3 ; Matye 4:4.) Sa vle di nou bezwen plis pase bagay materyèl si nou vle jwenn satisfaksyon toutbonvre nan lavi nou.

Kreyatè nou an ban nou bonjan direksyon ak konsèy nan Pawòl li a, Labib. Lè nou etidye Labib e lè nou aplike konsèy Bondye yo nan lavi nou, nou tire pwofi nan “ tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a ”. Pa egzanp, men sa yon kretyèn ki rele Zuzanna te di konsènan lavi fanmi l : “ Lefètke nou etidye Labib ansanm, nou asiste reyinyon yo ansanm e nou pale ak lòt moun konsènan sa nou aprann yo, sa fè maryaj nou vin pi solid. Grasa enstriksyon Bondye bay, nou gen menm objektif e nou gen yon relasyon ki pi solid. ”

Èske w ta renmen pwofite konsèy ak direksyon Bondye bay yo ? Si w etidye Labib regilyèman e si w aplike konsèy li bay yo, w ap jwenn anpil benediksyon nan men Bondye. — Ebre 12:9.

‘ Bondye delivrans ’ lan

Jodi a, gen tout kalite konfli toupatou nan monn nan. Moun yo pa konnen ki sa demen ap pote. Si w ap viv nan yon peyi lagè ap devaste, petèt ou swaf pou gen lapè. Gen plizyè lòt kote sou tè a kote moun yo ap viv nan laperèz akoz krim ak vyolans, enstabilite ekonomik ak zak teworis. Ki moun k ap sove nou anba tout bagay sa yo ? Nan tan n ap viv la, plis pase nenpòt lòt lè, lèzòm bezwen pwoteksyon ak delivrans.

“ Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon. ” ​(Pwovèb 18:10, NW). Lefètke nou konnen non Bondye e nou konte sou non sa a, sa pouse nou reflechi sou sa l fè deja pou l delivre moun ki demontre yo gen lafwa nan li yo e sou sa l pral fè pou l delivre yo. Jewova Dye bay anpil prèv ki fè nou pa gen okenn dout li ka delivre pèp li a. Pa egzanp, li te sove Izrayèl lè l te detwi cha de gè Farawon yo ansanm ak lame l la. Jewova pwouve li se yon Bondye ki fidèl, ki sonje moun ki aflije yo e ki vle ede yo. — Egzòd 15:1-4.

Pou nou gen lavi etènèl, nou bezwen gen lafwa nan Jewova antanke Sovè. David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, ki t ap fè fas ak yon pakèt difikilte, te demontre li kwè Bondye se Sovè l lè l te ekri pawòl ki nan Sòm 25:5 yo konsènan Jewova. Li di: “ Se ou menm ki delivrans mwen. ” Apot Pyè te di avèk konfyans : “ Bondye konnen ki jan pou l’ delivre moun k’ap sèvi l’ yo nan mitan eprèv. ” — 2 Pyè 2:9.

Men sa Bondye pwomèt moun ki konte sou li pou l ede yo : “ M’ap pwoteje moun ki konnen [non] mwen. ” ​(Sòm 91:14). Sèvitè Bondye yo k ap viv jodi a, wè pwomès sa a se verite. Henryk nan peyi Polòy ap sèvi Jewova avèk fidelite depi 70 an, malgre eprèv ak pèsekisyon. Lè Henryk te gen 16 an, yo te voye papa l nan yon kan konsantrasyon ki te rele Auschwitz. Yo te mete Henryk ak frè l la nan yon prizon nazi pou timoun. Apre sa, yo te kontinye deplase l sot nan yon kan al nan yon lòt. Konsènan evènman sa yo, men sa Henryk sonje : “ Nan tout sitiyasyon difisil sa yo, Jewova pa t janm abandone m. Li te toujou ede m rete fidèl, menm lè m te fè fas ak lanmò plizyè fwa. ” Wi, Jewova bay sèvitè l yo lafwa ak fòs pou yo andire tout sitiyasyon difisil.

Talè konsa, Bondye pral aji kòm sovè pou tout moun ki gen lafwa nan li e ki gen konfyans l ap delivre yo. Men sa l di : “ Mwen se Jewova, e apa de mwen, pa gen sovè. ” ​(Izayi 43:11, NW). Nan ‘ batay Bondye ki gen tout pouvwa a pral fè nan gwo jou ’ l la, li pral detwi tout mechan ki gen sou tè a e l ap delivre moun ki dwat yo (Revelasyon 16:14, 16 ; Pwovèb 2:21, 22). Men asirans Jewova ban nou : “ Moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa peyi a [“ tè a ”, NW] pou byen yo, y’a viv ak kè poze nèt ale. ” — Sòm 37:11.

Fason pou nou vin “ pitit Bondye ”

Nan jou pwofèt Malaki, Izrayelit yo te fè konprann se Jewova ki Papa yo. Poutan, olye yo te demontre yo bay Bondye onè e yo gen atachman pou li, se pen gate ak bèt avèg ki domaje yo te ofri l kòm sakrifis. Se pou rezon sa a ki fè Jewova te mande yo : “ Si m se yon papa, kote onè pa m nan ? ” — Malaki 1:6.

Pinga w fè menm erè ak Izrayelit enfidèl sa yo. Okontrè, nou ankouraje w aprann konnen Jewova Dye epi pwoche bò kote l. Disip Jak di : “ Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. ” — Jak 4:8.

Lefètke nou gen Jewova kòm Papa, sa fè nou gen kèk responsablite. Si w fè gwo efò pou w onore Bondye lè w respekte prensip wo nivo l yo nan tout aspè nan lavi w, li pap janm bliye efò w yo. Okontrè, l ap ede w mache nan wout dwat ki mennen nan monn nouvo li pwomèt la kote ‘ p’ap gen lanmò ankò, p’ap gen lapenn ankò, p’ap janm gen plenyen ankò, p’ap janm gen soufri ankò ’. (Revelasyon 21:4.) Lè sa a, limanite ki obeyisan pral “ libere anba esklavaj koripsyon, e l ap genyen libète ki pou pitit Bondye yo nan laglwa ”. — Women 8:21 Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

[Antrefilè nan paj 5]

Bondye vle w konnen non l, Jewova. Literalman, non sa a vle di “ Li fè vin tounen ”.

[Antrefilè nan paj 6]

“ Nan tout sitiyasyon difisil sa yo, Jewova pa t janm abandone m. ” — HENRYK

[Antrefilè nan paj 7]

“ Lefètke nou etidye Labib ansanm, nou asiste reyinyon yo ansanm e nou pale ak lòt moun konsènan sa nou aprann yo, sa fè maryaj nou vin pi solid. ” — ZUZANNA.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje