BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w09 1/7 p. 15-16
  • 2. Li l avèk yon bon etadespri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2. Li l avèk yon bon etadespri
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Annou grandi nan konesans egzak la avèk “ anpresman ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kretyen yo reflete glwa Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Pi byen pwofite lekti w ap fè nan Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ki jan pou m kòmanse?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
w09 1/7 p. 15-16

Fason w ka rive konprann Bib la

2. Li l avèk yon bon etadespri

Èske sa rive w deja pou yon zanmi w di w yon bagay negatif sou yon moun ou pa t janm rankontre? Lè w te rankontre moun sa a finalman, èske sa zanmi w lan te di w la te anpeche w wè talan moun sa a genyen ak bèl kalite li genyen? Menm bagay la ka rive tou pou Bib la.

APOT Pòl te bay yon avètisman konsènan sa ki ka rive si nou pa li Bib la avèk yon bon etadespri. Men sa li te ekri konsènan kèk Juif nan epòk li a: “Men temwayaj m ap bay sou yo: yo zele pou yo sèvi Bondye, men se pa ann amoni ak konesans egzak la.” —Women 10:2, NW.

Gen kèk Juif nan premye syèk la ki te refize aksepte yon verite ki te parèt byen klè nan Ekriti ebrayik yo: idantite Mesi a. Jezi, ki te moun Nazarèt, te fè tout sa Ekriti yo te mande l. Anplis, tout pwofesi yo te akonpli sou li. Malgre sa, anpil Juif nan epòk li a pa t rive konprann Pawòl Bondye a paske yo te deja gen yon seri lide ki te byen chita nan tèt yo.

Ki sa sa aprann nou? Sa aprann nou li enpòtan pou nou li Bib la ak yon bon etadespri. Yon moun ki gen prejije oswa ki deja gen yon seri lide ki byen chita nan tèt li gendwa pa ka konprann verite ki nan Bib la lè li li l.

Pa egzanp, gen yon pwofesè ki anseye relijyon nan Kawolin dinò, Ozetazini, ki di Bib la se “yon liv lèzòm fè, ki gen ide lèzòm ladan l”. Anplis, li di: “Anpil nan ide sa yo depaman youn ak lòt e pa gen youn ladan yo ki kapab sèvi kòm yon gid fyab pou montre nou fason pou nou viv.” Si yon moun ta li Bib la toutpandan li panse Bib la se “yon liv lèzòm fè”, èske lè sa a li pa t ap gen tandans rejte enstriksyon ak prensip li jwenn ladan l ki pa fè l plezi?

Yon lòt bò, Bib la ankouraje nou pou nou pran tan pou nou byen etidye l. Men sa li di konsènan moun Bere yo ki t ap viv nan epòk Pòl la: “Yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t’ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t’ap di yo a se vre.” ​(Travay 17:11). Menm jan ak lektè sa yo, ou gendwa bezwen retire nan ou tout prejije ak tandans ou genyen pou w kritike Bib la, paske bagay sa yo kapab anpeche w konprann li. Se pou w gen yon bon etadespri lè w ap li Pawòl Bondye a e se pou w swaf dekouvri mesaj enteresan Moun ki fè ekri l la te fè mete ladan l lan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje