BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 1 p. 4
  • Ki jan pou m kòmanse?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan pou m kòmanse?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?
    Èd pou fanmi
  • Ki jan Bib la kapab ede m? — 3yèm pati: Pi byen pwofite lekti Labib ou
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 1 p. 4

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON NOU KA PI BYEN PWOFITE LEKTI LABIB N AP FÈ

Ki jan pou m kòmanse?

Yon dam k ap priye anvan l li Labib

Ki bagay konsa ki ka ede w pran plezi li Labib epi byen pwofite lekti sa a? Men senk konsèy ki te ede anpil moun.

Chèche yon bon kote. Eseye jwenn yon kote ki kalm. Evite bagay ki kapab distrè w yon fason pou w ka konsantre w sou sa w ap li a. Li bon pou kote w ap li a fè byen klè epi gen bon ti lè k ap pase pou w ka pi byen pwofite lekti w ap fè a.

Ou dwe gen yon bon etadespri. Kòm se Papa nou ki nan syèl la ki ban nou Labib, n ap pi byen pwofite l si nou mete nou tankou timoun piti ki toujou pare pou yo aprann nan men paran yo ki renmen yo. Si w negatif oswa w gen prejije sou Bib la, eseye mete yo sou kote yon fason pou Bondye kapab anseye w. — Sòm 25:4.

Priye anvan w kòmanse li. Se panse Bondye ki nan Bib la, kidonk, se nòmal pou nou mande Bondye èd li pou n ka konprann li. Bondye pwomèt l ap bay “moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) Lespri sen ka ede w konprann fason Bondye panse. E alavni l ap ede w konprann “menm [...] bagay pwofon Bondye yo”. — 1 Korentyen 2:10.

Chèche konprann sa w ap li a. Pa annik li pou w li. Toutpandan w ap li reflechi sou sa w ap li yo. Poze tèt ou kesyon tankou: ‘Ki kalite mwen wè moun m ap li sou li a gen lakay li? Ki jan m ka aplike sa nan lavi m?’

Fikse objektif ki presi. Pou w byen pwofite lekti Labib w ap fè a, fè efò pou w aprann yon bagay ki ka gen yon bèl efè sou lavi w. Ou ka di tèt ou: ‘Mwen ta renmen aprann plis bagay sou Bondye.’ ‘Mwen vle vin yon pi bon moun, yon pi bon mari oswa yon pi bon madanm’. Epi chwazi pati nan Bib la ki kapab ede w atenn objektif sa yoa.

Senk konsèy nou sot site la yo ap ede w byen kòmanse. Men, ki jan lekti w ap fè a kapab parèt pi enteresan toujou? Atik nou pral egzamine la a ban nou kèk sijesyon nan sans sa a.

a Si w pa fin konnen ki pati nan Bib la ki kapab pi byen ede w nan sans sa a, Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w.

PI BYEN PWOFITE LEKTI W AP FÈ A

  • Pran san w pou w li, epi pa prese fini

  • Mete tout ou menm nan sa w ap li a, viv li

  • Chèche wè jan vèsè yo koresponn ak kontèks yo site yo a

  • Chèche jwenn leson nan lekti w ap fè a

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje