BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 1/4 p. 3
  • Poukisa anpil maryaj kraze?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa anpil maryaj kraze?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Onore maryaj: Yon dispozisyon Bondye pran
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “Sa Bondye mete anba menm jouk...”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 1/4 p. 3

Poukisa anpil maryaj kraze?

“Farizyen yo vin kote [Jezi] nan entansyon pou yo teste l, yo di: ‘Èske yon gason gen dwa divòse ak madanm li pou nenpòt ki rezon?’” — Matye 19:3.

GEN kèk moun ki t ap viv nan epòk Jezi a ki t ap mande tèt yo èske li posib pou de moun ki marye pa janm separe oswa èske Bondye vle pou yo toujou rete ansanm. Men sa Jezi te di yo: “Èske nou pa t li Sila a ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo gason ak fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe la.” ​(Matye 19:4-6). Li klè, Bondye te vle pou de moun ki marye toujou ret ansanm.

Nan anpil peyi jodi a, anviwon 40 pousan nan moun ki marye yo divòse. Èske konsèy Bib la bay anrapò ak maryaj se konsèy ki pase mòd? Èske se maryaj menm ki gen pwoblèm ladan l ki fè tout maryaj sa yo kraze?

Pou nou reponn kesyon sa yo, ann pran yon egzanp. Gen de koup marye ki achte menm modèl machin. Youn nan koup yo byen pran swen machin yo a e yo kondui avèk pridans. Machin yo a pa kraze. Lòt koup la pa pran tan pou yo pran swen machin pa yo a e yo kondui mal. Machin yo a kraze e yo mete l yon kote. Nan ka dezyèm koup sa a, ki kote pwoblèm nan soti? Èske se machin nan ki pa t bon oswa se mèt li yo ki responsab? Li klè, se mèt machin sa a ki responsab.

Menm jan an tou, lefètke gen anpil maryaj ki kraze, sa pa vle di se maryaj menm ki gen yon pwoblèm ladan l. Plizyè milyon maryaj ki reyisi yo pwouve sa. Piske maryaj sa yo fè moun ki marye yo kontan e yo fè yo ekilibre, konsa, fanmi sa yo ak sosyete a vin gen moun ladan yo ki kontan e ki ekilibre. Men, menm jan pou yon machin dire lontan fòk nou pran swen l e fòk nou fè sèvis ladan l regilyèman, se konsa tou, pou yon maryaj dire fòk moun ki marye yo pran swen l e fòk yo toujou fè tout sa ki nesesè pou maryaj la mache byen.

Kit ou fèk marye, kit ou marye depi lontan, si w suiv konsèy Bib la bay sou fason pou moun pran swen maryaj yo e pou yo fè l vin pi solid, w ap jwenn bon rezilta. Nou pral jwenn kèk egzanp nan paj ki vin apre yo.

[Nòt anba paj]

a Bib la pèmèt moun divòse nan ka kote youn nan konjwen yo fè adiltè. — Matye 19:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje