BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/2 p. 3
  • Ki moun Moyiz te ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki moun Moyiz te ye?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Aprann konnen fason Jewova aji
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Yon pye pikan ki gen dife ladan l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moyiz chape poul li
    Liv istwa biblik mwen an
  • Flanm dife nan yon touf raje
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/2 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: KI SA NOU KA APRANN NAN EGZANP MOYIZ?

Ki moun Moyiz te ye?

Ki sa k vin nan lespri w lè w tande yo pale de Moyiz? Èske w panse ak...

  • tibebe manman l te mete l anndan yon pànye nan flèv Nil la?

  • tigason ki te leve nan men pitit fi Farawon an, tigason sa a ki t ap viv nan liks ann Ejip e ki pa t janm bliye li te yon Izrayelit?

  • moun ki te viv antanke bèje pandan 40 ane nan peyi Madyàn nan?

  • moun ki te pale ak Jewovaa devan yon touf bwa ki t ap boule a?

  • moun ki pa t pè kanpe devan wa Ejip la e ki te mete kouraj sou li pou l mande wa a libere Izrayelit yo anba esklavaj?

  • moun ki te fè konnen Bondye t ap lage dis flewo sou Ejip lè Farawon te bay Bondye defi a?

  • moun ki te alatèt Izrayelit yo lè mas pèp la t ap kite Ejip?

  • moun Bondye te itilize pou l fann lanmè Wouj la an de?

  • moun Bondye te itilize pou l bay Izrayelit yo Dis Kòmandman yo?

MOYIZ te viv tout sitiyasyon sa yo ak anpil lòt ankò. Se pa san rezon ki fè ni Kretyen, ni Juif, ni Mizilman gen yon gwo respè pou moun fidèl sa a!

Li klè, Moyiz te yon pwofèt ki te “fè tout kalite gwo bagay”. (Detewonòm 34:10-12.) Li te kite Bondye itilize l pou l fè anpil bagay ki estrawòdinè. Sepandan, Moyiz te yon moun tankou tout moun. Menm jan ak pwofèt Eliya, Moyiz te “yon moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Moyiz te jwenn anpil nan pwoblèm nou konn rankontre jodi a e li te rive fè fas ak yo.

Èske w pa ta renmen konnen kòman li te fè sa? Ann egzamine twa nan bèl kalite Moyiz te genyen yo pou nou wè sa nou ka aprann nan egzanp li kite nan fason l te demontre kalite sa yo.

a Bib la fè nou konnen non Bondye se Jewova.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje