Èske w ap fè Bondye konfyans?
ANN sipoze ou gen yon zanmi ou apresye anpil, men li fè yon bagay ou pa fin byen konprann pou ki rezon l fè l. Gen moun ki pale zanmi w lan mal pou sa l fè a e yo di li gen move entansyon. Yo di zanmi w lan se yon mechan. Èske w t ap kouri dakò ak moun sa yo oubyen ou t ap tann pou zanmi w lan esplike w sa k te pase a? Si zanmi w lan pa ta la pou l esplike w sa k te pase a, èske w t ap fè l konfyans e dispoze tann li esplike w sa k te pase a?
Anvan w ta di nenpòt bagay sou zanmi w lan, ou ta gendwa vle konnen poukisa w bon zanmi ak moun sa a. Ou ka ap mande: “Èske m byen konnen l e pou ki rezon mwen apresye l anpil konsa?” Bon, ann fè yon ti reflechi. Èske nou pa ta dwe aplike menm prensip sa a pou nou konnen si Bondye mechan vre?
Ou ka wè li difisil pou w konprann kèk nan aksyon Bondye yo oswa ou ka pa fin twò klè sou rezon ki fè li kite kèk bagay rive. Gen anpil moun ki ka di w Bondye mechan, e yo ka menm vle w met nan tèt ou entansyon Bondye genyen yo pa bon, menm jan yo menm yo panse sa. Èske w ap dispoze fè Bondye konfyans jiskake w jwenn plis enfòmasyon? Anvan w ta di nenpòt bagay sou Bondye, w ap bezwen konnen plis bagay sou li. Poze tèt ou kesyon sa a: “Ki jan de zanmi Bondye ye pou mwen?”
Si lavi a ap mal mennen w, ou ka anvi di Bondye pa yon bon zanmi ditou pou mwen. Men, tann. Èske se Bondye ki responsab move bagay ki rive nan lavi w? Olye de sa, èske se pa li ki responsab bon bagay ki rive nan lavi w? Jan nou te wè sa deja, se Satan ki “chèf monn nan”, se pa Jewova (Jan 12:31). Anfèt, se Satan vre ki dèyè mizè ak enjistis ki gen nan monn nan. Men tou, èske w pa dakò enpèfeksyon nou tout gen lakay nou ak bagay ki rive nou sanzatann konn lakòz anpil pwoblèm nan lavi a?
Èske se Bondye ki responsab move bagay ki rive nan lavi w? Olye de sa, èske se pa li ki responsab bon bagay ki rive nan lavi w?
E Bondye li menm, ki sa nou ka di li responsab? Ann egzamine sa Bib la di lè l fè konnen: “Se [Bondye] ki fè syèl la ak latè a”, se li ki kreye lèzòm ki fèt yon fason “estrawòdinè” pami tout sa l kreye yo, e se li “ki kenbe lavi [nou] nan men l”. (Sòm 124:8; 139:14, NW; Dànyèl 5:23.) Ki sa pawòl sa yo vle di?
Sa vle di se grasa Kreyatè nou an nou gen lavi e se grasa li nou respire (Travay 17:28). Bondye ban nou anpil bèl kado tankou: lavi nou genyen an, bèl bagay ki gen nan kreyasyon an, kapasite pou nou renmen, plezi nou jwenn lè n fè zanmi, plezi nou pran lè n ka pran gou bon bagay nou met nan bouch nou, kapasite pou nou santi yon bagay lè nou manyen l, kapasite pou nou koute ak pou nou pran sant (Jak 1:17). Lefètke Bondye ban nou tout kado sa yo ki se yon benediksyon, èske w pa dakò tout bagay sa yo li ban nou yo fè l yon Zanmi ki merite pou nou fè l konfyans?
Se vre, li ka difisil pou w fè Bondye konfyans. Petèt ou panse ou pa ka fè l konfyans paske w poko konnen l twò byen. Se yon bagay ki lojik. Nan atik tou kout sa yo, nou pa ka egzamine tout rezon ki fè kèk moun panse Bondye mechan. Men, èske w pa ta dwe fè tout sa w kapab pou w konnen Bondye pi byena? Nou gen konfyans toutpandan w ap fè sa, w ap rive konnen laverite sou Bondye. Èske Bondye mechan? Non, okontrè men sa Bib la di: “Bondye se lanmou.” — 1 Jan 4:8.
a Pa egzanp, ou ka jwenn plis enfòmasyon toujou pou w konnen rezon ki fè Bondye pèmèt mechanste, nan chapit 11 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.