BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/5 p. 3
  • Poukisa gen moun ki di Bondye mechan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa gen moun ki di Bondye mechan?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA NOU RAYI MECHANSTE?
  • Èske w ap fè Bondye konfyans?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • 12yèm pati
    Koute Bondye
  • Jijman Bondye yo: Èske se te zak mechanste?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/5 p. 3

Tou natirèlman nou gen tandans demontre konpasyon e nou rayi mechanste.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: ÈSKE BONDYE MECHAN?

Poukisa gen moun ki di Bondye mechan?

“ÈSKE Bondye mechan?” Èske w panse kesyon sa a chokan? Gen kèk moun ki panse sa. Men, gen anpil moun jounen jodi a k ap mande tèt yo si Bondye mechan, e yo panse li mechan vre. Poukisa yo panse konsa?

Gen kèk moun ki te chape anba katastwòf natirèl k ap mande tèt yo: “Poukisa Bondye kite bagay sa yo rive? Èske sa pa di Bondye anyen? Oubyen èske se mechan l mechan?”

Gen lòt moun ki konn santi yo gen menm pwoblèm nan lè y ap li Labib. Lè yo li istwa sou Noye ak delij la, men sa yo konn mande tèt yo: ‘Poukisa yon Bondye ki gen lanmou ta fè detwi tout moun sa yo? Èske se pa mechan l mechan?’

Èske pafwa kesyon sa yo konn ap pase nan tèt ou? Oubyen èske w twouve l difisil pou w bay yon repons ak moun k ap mande tèt yo si Bondye mechan? Kèlkeswa repons ou ta bay, ann egzamine yon lòt kesyon ki ka ede w.

POUKISA NOU RAYI MECHANSTE?

Rezon an senp, nou rayi mechanste paske tout moun gen kapasite pou yo konnen sa k bon ak sa k pa bon. Nou diferan nèt ak bèt yo sou pwen sa a. Kreyatè nou an te fè nou “pòtre ak li”. (Jenèz 1:27.) Ki sa sa vle di? Bondye ban nou kapasite pou nou reflete kalite l yo. E Bondye ban nou kapasite pou nou viv ann amoni ak prensip moral li yo: sa li di ki bon ak sa li di ki pa bon. Fè yon ti reflechi: Si Bondye ban nou kapasite pou nou konnen sa k bon ak sa k pa bon e nou gen tandans lakay nou pou nou rayi mechanste, èske l pa lojik pou Bondye rayi mechanste tou?

Bib la kore lojik sa a. Men sa Bondye fè nou konnen nan Bib la: “Lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.” ​(Ezayi 55:9). Si nou ta di Bondye mechan, èske se pa di nou ta ap di Bib la bay manti kòmkwa lide pa nou pi wo pase lide Bondye? Se sèten n ap montre nou saj lè nou chèche jwenn plis enfòmasyon anvan nou ta vin gen yon lide konsa. Olye nou mande si Bondye mechan, petèt li t ap pi bon pou nou mande poukisa kèk aksyon Bondye fè yo ta sanble zak mechanste. Pou ede nou pi byen konprann sa, ann egzamine sa mo “mechan” an vle di vre.

Lè nou di yon moun mechan, se jije nou jije entansyon l genyen. Yon moun ki mechan se yon moun ki renmen wè lè lòt moun ap soufri oubyen sa pa di l anyen lè lòt moun ap soufri. Donk, yon papa ki korije pitit gason l paske li renmen blese santiman pitit gason l lan se yon mechan. Men, yon papa ki korije pitit gason l paske li vle anseye pitit li oubyen li vle pwoteje pitit li se yon bon papa. Li fasil pou moun mal konprann entansyon lòt moun genyen. W ap dakò ak sa si te gen yon lè yon moun te mal konprann entansyon w te genyen.

Ann egzamine de nan rezon ki fè moun panse Bondye mechan: katastwòf natirèl nou wè jodi a ak jijman Bondye yo nou li nan Bib la. Èske bagay sa yo montre Bondye mechan vre?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje