Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 avril
“ Ou pa remake jodi a sanble gen plis zak mechanste k ap fèt. [Bay egzanp yon zak ki te fèt nan zòn nan oubyen bay egzanp yon zak yo mansyone nan peryodik la.] Èske w pa janm mande tèt ou ki jan lèzòm fè mechan konsa ? [Kite moun nan reponn.] Bib la te deja anonse gen yon lè ki t ap vini moun yo t ap vin pi mechan. [Li 2 Timote 3:1-5.] Peryodik sa a reponn kesyon sa a : ‘ Èske mechanste ap janm fini ? ’ ”
Réveillez-vous! Avril
“ Anpil moun di se kretyen yo ye. Dapre ou menm, ki lè yon moun kretyen ? [Kite moun nan reponn.] Remake sa Jezi te di. [Li Jan 15:14.] Atik sa a montre pou yon moun kretyen toutbonvre, li dwe fè plis pase annik di li se kretyen. ” Prezante atik ki kòmanse nan paj 26 la.
Toudegad 1ye me
“ Lè yon paran pèdi pitit li, sa ba li anpil doulè e doulè sa a dire pandan lontan. Kote w panse yon paran ki nan sitiyasyon sa a kapab jwenn rekonfò ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Women 15:5.] Peryodik sa a pale konsènan kèk fason Bondye rekonfòte moun ki andèy yo. ”
Réveillez-vous! Me
“ Gen moun ki rich anpil, alòske plizyè milyon moun ap viv nan povrete. Èske w panse n ap janm wè yon epòk kote pap gen diferans sa yo ankò ? [Kite moun nan reponn.] Remake ki jan Jewova konsidere moun ki pòv yo. [Li Sòm 22:24.] Peryodik sa a esplike espwa Bib la bay moun ki pòv. ”