Jan pou nou prezante peryodik yo
Réveillez-vous! Mas
“ Anpil dirijan nan monn nan sanble yo se moun ki ògeye anpil. Èske w panse atitid yo manifeste a kontribye pou gen lapè ak amoni nan monn nan ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di konsènan ògèy. [Li Pwovèb 16:18.] Atik sa a esplike ki byenfè yon moun jwenn lè li enb. ” Prezante atik ki kòmanse nan paj 20 an.
Toudegad 1ye avril
“ Souvan moun yo konn di Jezi gen pou l vini. Èske w panse evènman sa a se yon evènman pou nou tann ak enpasyans oswa se yon evènman pou nou krenn ? [Kite moun nan reponn.] Remake sa yon ekriven biblik ki rele Jan te panse de evènman sa a. [Li Revelasyon 22:20.] Peryodik sa a esplike ki sa Jezi pral akonpli lè li vini .”
La Tour de Garde 1ye avril
“ Prèske chak jou nou fè fas ak kesyon ki gen rapò ak sante nou, fanmi nou e ak travay nou. Ki kote w panse nou kapab jwenn repons ki fyab e ki pratik ? [Kite moun nan reponn.] Note sa Bib la di nan 2 Timote 3:16. [Li vèsè a.] Peryodik sa a montre ki jan Bib la kapab ede nou divès fason pratik. ”
Réveillez-vous! Avril
“ Anpil kote nan monn nan, moun yo rann yo kont prensip moral yo ap pèdi valè. Èske w remake sa ? [Kite moun nan reponn.] Sitiyasyon nou wè jodi a se akonplisman yon pwofesi biblik. [Li 2 Timote 3:2-4.] Peryodik sa a montre siyifikasyon sa genyen lefètke prensip moral yo ap pèdi valè e li montre tou ki kote sa ap mennen lèzòm. ”