Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye mas
“ Chak jou, nou tande pale de soufrans, maladi ak lanmò. Èske w pa janm mande tèt ou si n ap delivre anba bagay sa yo yon jou ? [Kite moun nan reponn.] Vèsè biblik nou pral li la a bay plizyè milyon moun espwa. [Li Jan 3:16.] ‘ Ki jan lanmò Jezi ka sove w ? ’ Se sou sijè sa a peryodik sa a pale. ”
Réveillez-vous! Mas
“ Èske w panse sipèstisyon se yon bagay ki inofansif oswa ki danjere ? [Kite moun nan reponn.] Gade yon deklarasyon enteresan Bib la fè sou sa. [Li Izayi 65:11.] Lè w li atik sa a, w ap wè si sipèstisyon se yon bagay ki konpatib ak Krisyanis lan. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye avril
“ Mwen pral li yon pwofesi pou ou e mwen ta renmen w di m si w pa ta renmen wè pwofesi sa a reyalize ? [Li Izayi 2:4 epi kite moun nan reponn.] Remake Bondye pral entèvni nan sa k ap pase sou tè a e ‘ li pral remete bagay yo annòd ’. Bib la fè konnen Bondye pral fè yon gè ki rele Amagedòn, e se gè sa a ki pral mete fen nan tout lòt gè ki genyen jodi a. Peryodik sa a esplike ki sa Amagedòn ye e poukisa nou ta dwe ap tann li avèk enpasyans .”
Réveillez-vous! Avril
“ Èske w panse n ap viv nan epòk yo dekri nan vèsè nou pral li la a ? [Li 2 Timote 3:1-4, epi kite moun nan reponn.] Nou gen bonjan rezon pou nou enterese ak sa k ap pase nan dènye jou yo paske bagay sa yo fè nou konnen gen bon bagay ki rezève pou tè a. Peryodik sa a esplike jan pral gen anpil bon bagay sou tè a. ”