BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/3 p. 13-15
  • Kado ki apwopriye pou yon wa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kado ki apwopriye pou yon wa
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • TRAVÈSE DEZÈ ARABI
  • “SEKRÈ YO TE PI BYEN KENBE NAN TOUT LISTWA NAN AFÈ KOMÈS”
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/3 p. 13-15
Divès plant ak pwodui santi bon

Kado ki apwopriye pou yon wa

“Gen kèk astwològ ki soti nan Lès ki [...] ouvri bwat trezò yo te pote yo, e kòm kado, yo ba l lò, [oliban] ak lami.” — Matye 2:1, 11.

KI SA w t ap chwazi kòm kado pou w bay yon moun ki enpòtan anpil? Nan tan biblik yo, gen kèk pwodui santi bon ki te presye menm jan ak lò, yo te tèlman gen valè yo te konsidere yo kòm kado ki apwopriye pou yo bay yon wa. Se rezon sa a ki fè de nan kado astwològ yo te pote pou “wa Juif” la se te pwodui santi bon yo te ye. — Matye 2:1, 2, 11.

Luil bomye

Luil bomye

Anplis de sa, Bib la fè konnen lè rèn Cheba t al vizite Salomon, li te “bay wa a 120 talan lò ak yon gwo kantite luil bomye ak pyè presye. Pa t janm gen yon luil bomye ki tankou sa rèn Cheba te bay wa Salomon ana”. (2 Kwonik 9:9, NW.) Gen wa ki te voye luil bomye bay Salomon tou kòm siy ki montre yo te vle vin zanmi l. — 2 Kwonik 9:23, 24.

Nan tan biblik yo, poukisa plant santi bon yo ak pwodui yo te konn fè ak yo te gen tout enpòtans sa a e yo te koute chè konsa? Se paske yo te jwe plizyè wòl enpòtan. Pa egzanp, yo te konn itilize yo kòm pwodui bote, yo te konn itilize yo nan sèvis relijye, e yo te konn prepare kadav ak yo anvan yo antere yo. (Gade kare ki gen tit: “Fason yo te itilize kèk pwodui santi bon nan tan biblik yo.”) Nonsèlman yo te konn itilize plant ak pwodui santi bon yo anpil, men tou, yo te chè akoz kantite lajan moun yo te konn depanse pou transpòte yo e pou fè piblisite pou yo.

TRAVÈSE DEZÈ ARABI

Kas

Kas

Nan tan biblik yo, gen kèk plant santi bon ki te konn pouse nan vale Jouden an. Men, gen lòt yo te oblije enpòte yo. Nan Bib la, yo site plizyè nan plant santi bon yo ak kèk nan pwodui yo fè ak yo. Pami sa moun pi konnen yo nou gen safran, lalwa, bomye, kanèl, oliban ak lami. Mete sou sa, te gen kèk engredyan moun te konn met nan manje tankou kimen, mant ak lanni.

Ki kote yo te konn enpòte plant santi bon yo? Yo te jwenn lalwa, kas ak kanèl nan peyi yo rele kounye a Lachin, End ak Srilanka. Pwodui santi bon tankou lami ak oliban te soti nan kèk pyebwa ak nan kèk ti plant ki te leve nan kèk zòn ki dezè soti nan sid Arabi pou rive nan Somali ki ann Afrik. Tandiske na a se yon pwodui ki te soti sèlman ann End nan mòn Imalaya yo.

Safran

Safran

Pou anpil plant ak pwodui santi bon te ka rive ann Izrayèl, moun yo te oblije travèse Arabi lè yo t ap transpòte yo. Kòm rezilta, pandan dezyèm ak premye milenè anvan epòk nou an, nan yon sèten mezi, Arabi te vin gen yon “gwo monopòl nan zafè transpòte byen ant lès ak lwès” dapre sa yon liv esplike (The Book of Spices). Ansyen vil, fòtrès ak stasyon karavàn yo te jwenn nan Negèb la, ki nan sid Izrayèl, montre wout kote moun ki te konn fè komès plant ak pwodui santi bon yo te konn pase. Mete sou sa, dapre UNESCO, zòn sa yo “montre jan te gen gwo komès ki pwofitab [...] soti nan sid Arabi pou rive nan Meditèrane”. — World Heritage Centre of UNESCO.

“Moun te renmen fè komès ak plant ak pwodui santi bon paske yo pa t parèt anpil menmsi yo te yon pakèt, yo te koute chè e moun te toujou bezwen yo.” — The Book of Spices.

Gen yon seri karavàn ki byen chaje ak plant ak pwodui santi bon ki te konn vwayaje regilyèman sou yon distans 1 800 kilomèt nan Arabi (Jòb 6:19). Bib la pale de yon karavàn machann ichmayelit ki t ap transpòte plant ak pwodui santi bon tankou “gonm ladanòm, bomye ak ekòs ki fè gonm” soti Gileyad pou y al ann Ejip (Jenèz 37:25, NW). Pitit gason Jakòb yo te vann Jozèf, frè yo a, kòm esklav bay komèsan sa yo.

“SEKRÈ YO TE PI BYEN KENBE NAN TOUT LISTWA NAN AFÈ KOMÈS”

Lanni

Lanni

Machann arab yo te kontwole pifò komès plant ak pwodui santi bon yo pandan plizyè syèk. Se yo menm sèl ki te konn vann plant santi bon tankou kas ak kanèl ki te soti ann Azi yo. Pou Arab yo te dekouraje moun ki t ap viv nan zòn Meditèrane yo pou yo pa etabli relasyon komèsyal ki dirèk ak founisè ki te gen nan lès yo, yo te envante yon seri lejann sou danje ki genyen lè yon moun al achte plant ak pwodui santi bon nan zòn sa yo. Dapre sa yon liv fè konnen, vrè founisè plant ak pwodui santi bon yo se “petèt sekrè yo te pi byen kenbe nan tout listwa nan afè komès”. — The Book of Spices.

Kimen

Kimen

Ki istwa Arab yo te rakonte konsa? Ewodòt, yon istoryen grèk nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, te rakonte kèk lejann konsènan kèk zwazo ki bay laperèz ki te konn fè nich yo ak po kanèl sou yon seri falèz kote moun pa ka rive. Pou moun k al chèche plant santi bon sa a ki presye te ka jwenn yo, Ewodòt te fè konnen yo te konn mete gwo moso vyann nan pye falèz la. Zwazo yo te tèlman konn pote vyann nan nich yo, nich yo te konn kraze e yo tonbe atè. Lè sa a, mesye yo ranmase po kanèl yo byen vit, epi y al vann machann yo li. Istwa sa yo te vin gaye toupatou. Konsa, selon sa yon liv fè konnen, akoz “swadizan danje ki gen nan rekòt yo, yo te vann [kanèl] la nan yon pri ki te vrèman chè”. — The Book of Spices.

Mant

Mant

Finalman, yo te dekouvri sekrè Arab yo e sa te fè Arab yo pèdi monopòl yo te genyen an. Nan premye syèk anvan epòk nou an, Aleksandri, yon vil ann Ejip, te vin yon gwo pò ak yon sant komèsyal pou plant ak pwodui santi bon yo. Yonfwa maren yo te aprann jan pou yo pwofite van sezon lapli yo sou oseyan Endyen an, bato women yo te konn vwayaje soti nan pò ejipsyen yo pou y al ann End. Kòm rezilta, plant ak pwodui santi bon yo te konsidere kòm liks yo te vin pi ann abondans, konsa, yo te vin pi bon mache.

Jodi a, pa gen okenn konparezon ant valè plant santi bon genyen ak valè lò genyen. E li t ap difisil pou n konsidere plant ak pwodui santi bon kòm kado ki apwopriye pou yon wa. Sepandan, plizyè milyon moun toupatou nan monn nan kontinye itilize yo nan pafen, nan medikaman, e natirèlman, pou yo mete gou ak zès nan manje yo. Anfèt, bon sant plant ak pwodui sa yo genyen yo atire moun e sa rann yo popilè jodi a menm jan sa te ye sa gen plizyè milye ane.

Yon pake kanèl

Kanèl

a “Luil bomye” a fè referans ak luil santi bon oswa ak yon pwodui yo jwenn nan kèk pyebwa ak nan kèk ti plant.

Fason yo te itilize kèk pwodui santi bon nan tan biblik yo

Luil onksyon ak lansan sakre. Jewova te bay Moyiz resèt pou l fè luil onksyon an ak lansan sakre a. Toule de te gen kat pwodui santi bon ladan yo (Egzòd 30:22-25, 34-38). Gen kèk prèt ki te ekspè nan fè luil onksyon ak nan sipèvize stòk pwodui sa yo. — Nonb 4:16; 1 Kwonik 9:30.

Pafen ak pomad. Moun ki te gen mwayen yo te konn itilize poud santi bon pou yo pafime kay yo, rad yo, kabann yo ak kò yo (Estè 2:12; Pwovèb 7:17; Chan Salomon 3:6, 7; 4:13, 14). Mari, sè Laza a, te vide yon “luil santi bon [...], yon vrè na” ki te chè anpil sou tèt Jezi ak sou pye l. Ti boutèy ki te gen “vrè na” a te koute salè yon ane travay. — Mak 14:3-5; Jan 12:3-5.

Preparasyon kadav pou antèman. Nikodèm te bay yon melanj “ki te gen lami ak lalwa ladan l” pou yo te prepare kò Jezi anvan yo antere l (Jan 19:39, 40). Epi te gen kèk nan disip Jezi yo ki te prepare kèk “fèy santi bon ansanm ak luil santi bon” e yo te pote yo nan tonm nan. — Lik 23:56–24:1.

Epis. Sanble Izrayelit yo te konn itilize plant santi bon oswa kèk engredyan pou yo bay pwason ak vyann plis gou tou. Yo te konn itilize lòt plant santi bon pou yo fè diven vin pi fò. — Chan Salomon 8:2.

Karakteristik de pwodui yo te ofri Jezi yo

Oliban an ak lami an soti nan yon pwodui ki tankou yon gonm yo jwenn lè yo fè yon mak sou kò kèk ti pyebwa oubyen kèk ti plant ki gen pikan.

Pyebwa ki bay oliban an te leve sou kot sid Arabi, e pyebwa ki bay lami an te pouse nan kèk zòn ki yon jan dezè nan peyi yo rele Somali ak Yemenn kounye a. Toule de pwodui sa yo te gen anpil enpòtans paske yo santi bon. Jewova te mande pou yo itilize yo nan adorasyon l lan. Yo te itilize lami an kòm engredyan pou yo fè luil sent lan, epi oliban an pou yo fè lansan sakre a (Egzòd 30:23-25, 34-37). Men, yo pa t itilize yo menm jan.

Byen souvan, yo te itilize oliban an kòm lansan, se boule yo te dwe boule l pou l ka libere bon sant li genyen an. Tandiske, yo te konn itilize pwodui yo te retire nan plant ki bay lami an dirèkteman. Yo mansyone lami an twa fwa nan istwa yo rakonte sou Jezi yo: yo te ba li l kòm kado lè l te tibebe (Matye 2:11), yo te mete l nan diven yo te ofri l lè yo te kloure l sou poto a pou kalme doulè l te genyen (Mak 15:23), e yo te itilize l kòm youn nan pwodui pou yo prepare kò l anvan yo te antere l (Jan 19:39).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje