BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 1 p. 3
  • Èske se yon bagay ki pase mòd pou moun onèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske se yon bagay ki pase mòd pou moun onèt?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Lè moun pa onèt, fason sa gen efè sou nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Poukisa nou dwe onèt?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 1 p. 3
Yon patwon ki lonje dwèt li sou yon anplwaye.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L BON POU NOU ONÈT?

Èske se yon bagay ki pase mòd pou moun onèt?

Hitoshi t ap travay kòm kontab nan yon ajans ki ofri moun travay nan Japon. Pandan Hitoshi t ap egzamine rapò kont ajans lan ak sipèvizè l la, sipèvizè a te di l li atann pou l bay yon fo rapò. Hitoshi te esplike l konsyans li pap pèmèt li fè yon travay ki pa onèt. Kòm rezilta, sipèvizè a te menase Hitoshi, e finalman, Hitoshi te pèdi travay la.

Nan mwa ki vin apre yo, Hitoshi te vin dekouraje lè l t ap gade ki posiblite ki genyen pou l jwenn travay. Pa egzanp, pandan l t ap fè entèvyou pou yon travay, Hitoshi fè konnen li pa t ka fè yon travay ki pa onèt. Moun ki t ap fè entèvyou avè l la di l: “Fason w panse a etranj!” Fanmi Hitoshi ak zanmi l te ankouraje l kontinye kenbe detèminasyon li pran pou l montre li onèt, malgre li te kòmanse gen kèk dout. Pa egzanp, li te di: “Mwen t ap mande tèt mwen si se te yon bon ide pou m te rete atache ak lafwa m.”

Eksperyans Hitoshi te fè a se yon move eksperyans ki raple nou se pa tout moun ki bay onètete valè. Anfèt, gen moun ki ka menm konsidere sa tankou yon bagay ki fè moun jwenn pwoblèm, sitou nan domèn travay. Men sa yon dam k ap travay nan peyi Afrik disid di: “Mwen antoure ak moun ki pa onèt, e pafwa, presyon yo fè sou mwen pou m vin tankou yo fò anpil.”

Yon lòt fason byen presi moun montre yo pa onèt se lè yo bay manti, se yon bagay ki kouran jodi a. Sa gen kèk ane, selon yon etid Robert S. Feldman, yon sikològ nan yon inivèsite (the University of Massachusetts Amherst) te fè, li remake gen 60 pousan granmoun ki bay omwen yon manti nan chak dis minit nan konvèsasyon y ap fè. Men sa Feldman di: “Rezilta n te jwenn nan te fè n sezi anpil. Nou pa t panse bay manti te fè pati lavi moun yo konsa.” Èske se pa yon bagay ki dwòl lè n wè pifò moun rayi moun ba yo manti, epoutan y ap bay manti?

Poukisa bay manti, vòlè ak lòt kalite fòm malonètete kouran anpil konsa jodi a? Ki jan lè moun pa onèt, sa gen efè sou tout sosyete a? Epi, sa ki pi enpòtan, ki jan nou ka evite patisipe nan bagay ki pa onèt?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje