SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L BON POU NOU ONÈT?
Lè moun pa onèt, fason sa gen efè sou nou
“Toujou gen yon seri sitiyasyon difisil yon moun ka rezoud si l fè yon ti aksyon malonèt.” — Samantha, Afrik disid.
Èske w dakò ak pawòl sa a? Menm jan ak Samantha, anpil nan nou fè fas ak sitiyasyon ki difisil nan yon moman kèlkonk. Fason nou reyaji devan sitiyasyon ki vle fè nou pa ret onèt ka montre ki bagay ki gen valè pou nou. Pa egzanp, si sa ki pi enpòtan pou nou se pou n pa santi nou jennen, nou ka konsidere malonètete kòm yon bagay ki nesesè. Men, lè lòt moun vin dekouvri verite a, byen souvan, malonètete konn lakoz anpil move konsekans. Annou konsidere kèk ladan yo.
LÈ MOUN PA ONÈT, SA KRAZE KONFYANS LÒT MOUN
Relasyon moun genyen youn ak lòt chita sou konfyans. Lè de moun fè youn lòt konfyans, yo santi yo byen e yo an sekirite. Men, konfyans pa yon bagay moun devlope yon bon maten. De moun ka vin gen konfyans youn nan lòt lè yo pase tan ansanm, yo pale avèk franchiz epi yo aji yon fason ki pa egoyis. Sepandan, yon sèl aksyon malonèt yon moun fè kapab kraze konfyans yon lòt moun genyen nan li. Epitou, lè konfyans sa a fin kraze, li ka difisil anpil pou yo rekonstwi l.
Èske sa rive yon moun ou panse ki te bon zanmi w twonpe w? Lè sa a, ki jan w te santi w? Sandout, sa te fè w mal, ou te menm santi li trayi w. Li nòmal pou w te santi w konsa. Pa gen dout nan sa, lè moun pa onèt, sa ka kraze baz yon bèl relasyon.
LÈ MOUN PA ONÈT, SA FÈ LÒT MOUN VIN PA ONÈT
Selon yon etid Robert Innes, yon pwofesè ekonomi nan Inivèsite Kalifòni fè, li remake “malonètete se yon bagay ki vrèman gaye byen fasil”. Donk, malonètete ka menm jan ak yon viris. Plis ou an kontak ak yon moun k ap twonpe moun, se plis ou ka vin “enfekte” ak malonètete.
Ki jan w ka evite tonbe nan pyèj pou w vin yon moun ki pa onèt? Bib la ka ede w.