BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 1 p. 16
  • Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa k rive apre yon moun fin mouri?
  • Èske moun ki mouri yo ka tounen viv ankò?
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
    Repons Bib la bay
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Lè nou mouri, ki kote n ale?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki kote mò yo ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 1 p. 16
Yon flè wouj sou yon tonm.

KI SA BIB LA DI?

Ki sa k rive apre yon moun fin mouri?

GEN MOUN KI KWÈ moun ki mouri a ap viv sou yon lòt fòm, sepandan, gen lòt moun ki panse lanmò mete fen nan tout bagay. E ou menm, ki sa w kwè?

MEN SA BIB LA DI

“Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” ​(Eklezyas 9:5). Lè nou mouri, nou sispann egziste.

LÒT BAGAY NOU APRANN NAN BIB LA

  • Adan, premye òm nan, te retounen nan pousyè lè l mouri (Jenèz 2:7; 3:19). Se menm bagay la pou tout lòt moun ki mouri yo, yo retounen nan pousyè. — Eklezyas 3:19, 20.

  • Moun ki mouri yo peye pou peche yo oubyen yo jwenn padon pou peche yo (Women 6:7). Apre yon moun fin mouri, pa gen okenn lòt pinisyon y ap ba li pou peche l.

Èske moun ki mouri yo ka tounen viv ankò?

ÈSKE W T AP DI?

  • Wi

  • Non

  • Petèt

MEN SA BIB LA DI

“Pral gen yon rezirèksyon.” — Travay 24:15.

LÒT BAGAY NOU APRANN NAN BIB LA

  • Byen souvan, Bib la konpare lanmò ak dòmi (Jan 11:11-14). Bondye ka reveye yon moun ki mouri, menm jan nou ka reveye yon moun k ap dòmi. — Jòb 14:13-15.

  • Bib la rapòte plizyè rezirèksyon. Rezirèksyon sa yo ban nou yon baz solid pou nou kwè moun ki mouri yo pral resisite. — 1 Wa 17:17-24; Lik 7:11-17; Jan 11:39-44.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 6 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje