BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 4 p. 3
  • Yon istwa ki gen enpòtans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon istwa ki gen enpòtans
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Fason nou rive jwenn Bib la
    Reveye n! — 2007
  • A3 Fason nou vin gen Bib la
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Èske yo chanje Pawòl Bondye a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Se pou n gen konviksyon ‘pawòl Bondye se laverite’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 4 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LABIB — YON LIV KI CHAPE ANBA ANPIL DANJE

Yon istwa ki gen enpòtans

Yon mesye ki gen Bib la nan men l e k ap reflechi si l dwe kwè ladan l

Pami tout liv relijye ki genyen, Bib la san parèy. Pa gen okenn lòt liv ki gen tout enfliyans sa a sou kwayans yon kantite moun konsa e pandan yon peryòd ki long konsa. Yon lòt bò, pa gen okenn lòt liv ki pouse moun etidye l tankou Bib la ni ki jwenn tout kritik Bib la jwenn yo.

Pa egzanp, gen kèk biblis ki gen dout, yo pa kwè Bib nou gen jodi a gen menm bagay ak Bib orijinal la e yo pa kwè nou ka fè l konfyans. Men sa yon pwofesè ki fè rechèch nan domèn relijyon di: “Tou senpleman, nou pa ka sèten nou te rekopye Bib orijinal la yon fason ki egzak. Se kopi ki chaje ak erè sèlman nou genyen, e yo te fè pifò ladan yo plizyè syèk apre orijinal la. Li klè, yo pa menm ak orijinal la nan yon pakèt domèn.”

Gen lòt moun ki gen dout, yo pa kwè pawòl ki nan Bib la se laverite akoz fòmasyon relijye yo resevwa. Pa egzanp, se fanmi Faizal ki te anseye l e yo pa t kretyen, yo te fè l konnen Bib la se yon liv sakre, men yo chanje sa k ladan l. Men sa Faizal di: “Kòm rezilta, sa te fè m yon jan gen dout lè yon moun vle pale avè m sou Bib la. Dayè, yo pa gen Bib orijinal la. Sa yo genyen an chanje!”

Kit Bib la chanje, kit li pa chanje, èske sa gen enpòtans? Bon, ann fè yon ti reflechi sou kesyon sa a: Èske w ka kwè nan pwomès rekonfòtan Bib la fè sou lavni yo si w pa konnen si wi ou non pwomès sa yo te nan tèks orijinal la (Women 15:4)? Èske w t ap itilize prensip Bib la bay pou w pran gwo desizyon sou travay ou, fanmi w, sou adorasyon w ap bay Bondye a si Bib nou gen jodi a se jis yon seri kopi lèzòm fè ki chaje ak erè?

Malgre tout liv orijinal yo te rekopye ki konpoze Bib la disparèt, nou ka egzamine ansyen kopi yo, pami yo, gen plizyè milye maniskri Bib la. Ki jan maniskri sa yo te rive chape anba deteryorasyon, opozisyon ak efò moun te fè pou yo chanje tèks la? Lefètke maniskri sa yo rive jwenn nou jodi a, nan ki sans sa ranfòse konfyans nou genyen nan Bib nou gen jodi a e sa fè nou kwè sa k ladan l yo se laverite? Ann egzamine repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje