Lis sijè yo
3 Byografi: Mwen jwenn byenfè paske m mache ak moun ki gen sajès
SEMÈN 1-7 ME 2017
8 Moun ki merite onè, ba yo onè
Kretyen yo bezwen gen ekilib nan fason yo montre respè pou moun ak nan fason yo bay moun onè. Ki moun ki merite onè? Poukisa? Atik sa a pral ede n reponn kesyon sa yo, epi li montre avantaj sa genyen lè n bay moun onè yo merite.
SEMÈN 8-14 ME 2017
13 Demontre ou gen lafwa: Pran desizyon avèk sajès!
Selon Bib la, nou pa dwe moun ki anbalan, ki pa ka pran desizyon. Men, poukisa nou bezwen pran desizyon avèk sajès? Ki sa k ap ede n fè sa? Èske pafwa nou oblije tounen sou yon desizyon nou te pran? Atik sa a ap ede n jwenn repons kesyon sa yo.
SEMÈN 15-21 ME 2017
SEMÈN 22-28 ME 2017
23 Èske w ap kite bagay yo te ekri yo dirije kè w?
Piske nou enpafè, nou tout fè erè. Men, èske sa vle di nou pa ka fè Jewova plezi? Nan de atik sa yo, nou pral egzamine egzanp kat wa Jida ak erè yo te fè, e kèk nan erè sa yo te grav anpil. Epoutan, Jewova te konsidere wa sa yo kòm moun ki t ap sèvi l ak tout kè yo. Èske Bondye ap konsidere n kòm moun k ap sèvi l ak tout kè nou malgre nou fè erè?