BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 mas p. 32
  • Yon non biblik ki sou yon ansyen krich

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon non biblik ki sou yon ansyen krich
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki non Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 mas p. 32
Yon ansyen tèks kananeyen ki parèt sou yon krich an seramik ki gen 3 000 an ki gen yon non biblik ladan l.

Yon non biblik ki sou yon ansyen krich

Yon krich an seramik ki gen 3 000 an.

Plizyè ti moso krich an seramik ki gen 3 000 an yo te jwenn anba tè nan ane 2012 te atire atansyon moun k ap fè rechèch yo. Ki sa k te espesyal konsa nan dekouvèt sa a? Se pa ti moso krich yo, men, se sa k te ekri sou yo a.

Lè akeyològ yo te resi fin kole ti moso yo ansanm, yo te vin kapab li yon ansyen tèks kananeyen ki te ekri sou yo. Men sa tèks la di: “Echbaal Ben [pitit gason] Beda.” Se premye fwa akeyològ yo jwenn yon tèks nan tan lontan ki gen non sa a ladan l.

An reyalite, Bib la pale de yon lòt Echbaal ki te youn nan pitit gason wa Sayil (1 Kwo. 8:33; 9:39). Men ki sa pwofesè Yosef Garfinkel ki te patisipe nan fouy ki te fèt la te di: “Sa enteresan pou n wè non Echbaal parèt nan Bib la, sèlman pandan rèy wa David, e kounye a, li nan rejis akeyològ yo tou.” Gen moun ki te panse se yon non moun te konn itilize nan epòk sa a sèlman. Yon lòt fwa ankò, dekouvèt akeyològ yo fè a kore yon enfòmasyon ki nan Bib la.

Non Echbaal parèt sou fòm Ichbochèt lòt kote nan Bib la, yo ranplase “baal” ak “bochèt”. (2 Sam. 2:10.) Poukisa? Men sa moun k ap fè rechèch yo esplike: “Nan 2 Samyèl, sanble te gen yon retisans pou yo itilize non Echbaal la ki fè sonje dye kananeyen yo te konsidere kòm dye tanpèt la, anpalan de Baal, men, non orijinal la [...], yo te prezève l nan Liv Kwonik yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje