BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 1 p. 4-5
  • Ki non Bondye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki non Bondye?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ LI ENPÒTAN POU N KONNEN NON BONDYE
  • KI SA NON BONDYE MONTRE?
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Ann onore gran non Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske w konn non Bondye epi w itilize l?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 1 p. 4-5

Ki non Bondye?

Lè w fèk ap aprann konn yon moun, se sèten, premye bagay ou mande l se: “Ki jan w rele?” Si w ta gen okazyon poze Bondye kesyon sa a, ki repons li t ap ba ou?

“Mwen se Jewova. Se non pa m.” — Ezayi 42:8.

Èske se premye fwa w tande non sa a? Sa posib, paske anpil tradiktè Labib prèske pa mete non Bondye nan tradiksyon yo fè, pou n pa di yo pa mete l ditou. Souvan, yo mete tit tankou “SEYÈ” nan plas li. Epoutan, non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan tèks orijinal ki te ekri ann ebre yo sou fòm kat lèt, ki se YHWH oswa JHVH. E lè yo tradui l, li bay “Jewova” an kreyòl.

Non Bondye ann ebre nan Woulo Lanmè Mòt yo

Woulo Lanmè Mòt ki gen Sòm yo ladan l 1ye syèk e. n., EBRE

Non Bondye ann anglè nan Bib Tyndale la

Bib Tyndale la 1530, ANGLÈ

Non Bondye ann espayòl nan Bib Reina-valera a

Bib Reina-Valera a 1602, ESPAYÒL

Non Bondye an chinwa nan Bib Union Version lan

Bib Union Version 1919, CHINWA

Nou jwenn non Bondye plizyè kote nan Liv ki te ekri ann ebre yo ak nan anpil tradiksyon Labib

REZON KI FÈ LI ENPÒTAN POU N KONNEN NON BONDYE

Non sa a enpòtan pou Bondye. Pa gen okenn moun ki bay Bondye non l genyen an, se li menm ki chwazi l. Men sa Jewova di: “Se non sa a m ap toujou genyen, e jenerasyon apre jenerasyon se nan non sa a pou yo sonje m.” (Egzòd 3:15). Nan Bib la, nou plis jwenn non Bondye pase nenpòt tit li genyen, kit se Toupisan, Papa, Seyè oswa Bondye, e nou plis jwenn non sa a tou pase non kèk lòt moun tankou Abraram, Moyiz, David oubyen Jezi. Anplis de sa, Jewova vle pou moun konn non l. Men sa nou li nan Bib la: “Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — Sòm 83:18.

Non sa a enpòtan pou Jezi. Nan priyè yo rele Nòtrepè a, Jezi te di disip li yo lè y ap priye Bondye pou yo di: “Se pou non w vin sen.” (Matye 6:9). Jezi li menm te priye Bondye konsa: “Papa, fè non w jwenn glwa.” (Jan 12:28). Non Bondye te gen plas ki pi enpòtan an nan lavi Jezi. Se pou rezon sa a li te ka di nan yon priyè: “Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l.” — Jan 17:26.

Non sa a enpòtan pou moun ki konnen Bondye. Depi byen lontan, pèp Bondye a te konprann se sèl non Bondye ki ka fè yo jwenn pwoteksyon ak delivrans. Labib fè konnen: “Non Jewova se yon fò ki byen solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l e li jwenn pwoteksyon.” (Pwovèb 18:10). Men sa l di ankò: “Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.” (Jowèl 2:32). Labib fè konnen non Bondye t ap montre ki moun k ap sèvi l. “Tout pèp yo ap mache nan non dye y ap sèvi yo, men nou menm, n ap mache nan non Jewova, Bondye nou an, pou tout tan gen tan.” — Miche 4:5; Travay 15:14.

KI SA NON BONDYE MONTRE?

Se sèl li ki ka pote non sa a. Gen anpil moun ki fè rechèch sou Bib la ki dakò non Jewova vle di: “Li fè vin tounen.” Jewova ede nou byen konprann sans non l genyen lè l te di Moyiz pawòl ki vin annapre yo konsènan li menm: “M ap tounen sa m chwazi tounen.” (Egzòd 3:14). Kidonk, non Bondye pa annik pwouve se li menm ki kreye tout bagay ki egziste. Non l montre tou kapasite l genyen pou l fè ni li menm ni kreyasyon l lan tounen nenpòt sa ki nesesè pou l reyalize objektif li. Se vre, tit yo bay Bondye yo gendwa montre pozisyon l genyen, otorite l, oswa pouvwa l genyen tou. Sepandan, se sèlman non l, Jewova, ki reprezante tout sa l ye ak tout sa l ka vin tounen.

Non sa a montre Bondye enterese nan nou. Siyifikasyon non Bondye montre li toujou gen afeksyon pou kreyasyon l lan, sa vle di nou menm tou nou ladan l. Epitou, lefètke Bondye fè nou konn non l, sa montre li vle nou konnen l. Dayè, li gentan fè nou konnen non l, anvan menm nou mande l li. Pa gen dout nan sa, Bondye pa vle nou wè l kòm yon senp dye ki lwen nou, okontrè, li vle nou konsidere l kòm yon Moun ki egziste toutbonvre, yon Moun nou kapab pwoche bò kote l. — Sòm 73:28.

Lè nou itilize non Bondye sa montre nou enterese nan li. Pa egzanp, imajine ou ta renmen vin bon zanmi yon moun e ou mande l pou l rele w nan non w. Men, ki jan w t ap santi w si moun sa a ta refize itilize non w? Rive yon lè, se sèten ou t ap mande tèt ou si moun sa a vle vin pwòch avè w vre. Menm bagay la valab tou pou Bondye. Jewova fè lèzòm konnen non l e li vle yo itilize l. Lè nou fè sa, nou montre Jewova nou vle vin pwòch li. Anfèt, Jewova menm konnen “moun k ap medite sou non l yo [Oswa: “moun ki bay non l anpil valè yo”, nòt]”. — Malachi 3:16.

Pou yon moun rive konnen Bondye, premye bagay ki vrèman enpòtan li bezwen fè se aprann konnen non l. Men, sa pa dwe rete la. Nou bezwen chèche konnen Moun ki pote non sa a e nou bezwen aprann konnen ki kalite moun li ye.

KI NON BONDYE? Non Bondye se Jewova. Se sèl li ki ka pote non sa a antanke Moun ki kapab reyalize kèlkeswa objektif li genyen.

KIYÈS KI FÈ BONDYE?

Anpil moun konn poze tèt yo kesyon sa a. Petèt, ou konn mande tèt ou sa tou. Ann eseye poze kesyon an yon lòt jan: Si linivè ak tout sa ki ladan l gen yon moun ki fè yo, e Bondye li menm kiyès ki fè l?

An jeneral, syantifik yo dakò linivè gen yon kòmansman. Premye vèsè nou jwenn nan Bib la kore sa tou. Li di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” — Jenèz 1:1.

Zetwal yo ak planèt yo pa t ap ka annik rete konsa yo parèt poukont yo. Pou yon bagay egziste, dwe gen yon moun ki kreye l. Si pa t gen yon Kreyatè, anyen pa t ap egziste, lèzòm nonplis. Pa gen dout nan sa, si pa t gen yon moun ki te kreye linivè, li pa t ap ka egziste. Kidonk, fòk gen yon Kreyatè! Kreyatè sa a se yon espri ki pisan anpil. Non li se Jewova. — Jan 4:24.

Men sa Labib di konsènan Bondye: “Anvan mòn yo te egziste, anvan w te fè tè a, depi toutan e pou toutan se ou menm ki Bondye.” (Sòm 90:2). Kidonk, Bondye te toujou egziste. Epi “okòmansman”, li kreye linivè. — Revelasyon 4:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje