BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/12 p. 4
  • Èske w konn non Bondye epi w itilize l?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w konn non Bondye epi w itilize l?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Ki non Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Èske Bondye gen yon non?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/12 p. 4
De mesye k ap bay youn lòt non yo.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE

Èske w konn non Bondye epi w itilize l?

Èske w sonje yon bon zanmi ou genyen ou pa konn non l? Petèt ou pa sonje. Irina, yon dam ki soti nan peyi Bilgari, te fè konnen “li pa posib pou yon moun pwòch ak Bondye si l pa konnen non Bondye”. Erezman, jan atik ki vin anvan an te montre sa, Bondye vle ou pwoche bò kote l. Se sa k fè, Bondye sèvi ak Bib la pou l prezante tèt li ba ou lè l di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” — Izayi 42:8, NW.

Bondye sèvi ak Bib la pou l prezante tèt li ba ou lè l di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” — Izayi 42:8, NW.

Kit ou konn non Jewova epi w itilize l, kit ou pa konn non l epi w pa itilize l, èske sa vrèman gen enpòtans pou Jewova? Fè yon ti reflechi: Nan tèks orijinal Liv ki te ekri ann ebre yo, non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa, yo ekri l ak kat konsòn ebre e yo rele yo tetragram. Nan Bib la, yo site non Bondye pi souvan pase tout lòt non. Se sèten, egzanp sa a montre aklè Bondye vle nou konnen non l e li vle nou itilize la.

Pou de moun vin zanmi, premye bagay yo fè youn aprann konnen non lòt. Èske w konnen non Bondye?

Sepandan, gen kèk moun ki panse lefètke Bondye Sen e li Toupisan, si nou itilize non l n ap montre nou pa gen respè pou li. Natirèlman, li t ap mal pou n ta sèvi ak non Bondye yon fason ki endiy menm jan li pa t ap bon pou n ta mal sèvi ak non yon bon zanmi nou. Sepandan, se Jewova ki vle pou moun ki renmen l yo onore non l e pou yo fè lòt moun konnen non sa a (Sòm 69:30, 31; 96:2, 8). Sonje Jezi te anseye disip li yo pou yo priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” Nou ka sangtifye non Bondye lè nou fè lòt moun konnen non sa a. Si nou fè sa, n ap vin pi pwòch avè l. — Matye 6:9.

Bib la fè konnen Bondye bay “moun k ap panse a non l” [oswa petèt ki bay non l “anpil valè”] yon atansyon espesyal (Malaki 3:16, NW). Men sa Jewova pwomèt moun sa a: “M ap pwoteje l paske l konnen non mwen. L ap rele mwen, epi m ap reponn li. M ap avèk li nan detrès li.” ​(Sòm 91:14, 15; NW). Si nou vle gen bon relasyon avèk Jewova, li vrèman enpòtan pou nou konnen non l e pou nou itilize l.

a Malerezman, gen anpil tradiksyon Labib ki pa gen non Bondye ladan yo malgre non sa a se non ki parèt pi souvan nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Gen moun ki rele Liv sa yo Ansyen Testaman. Nan tradiksyon sa yo, yo ranplase non Bondye ak kèk tit tankou “Seyè”, “Letènèl” oswa “Bondye”. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade paj 195-197 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje