BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/98 p. 8
  • Annou ede lòt moun dekouvri yon trezò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou ede lòt moun dekouvri yon trezò
  • Ministè Wayòm nan — 1998
Ministè Wayòm nan — 1998
km 6/98 p. 8

Annou ede lòt moun dekouvri yon trezò

1 Lè nou rankontre moun tout kalite kilti, oswa ki gen tout kalite kwayans relijye, se pou nou raple nou volonte Jewova se “ pou tout kalite moun sove, e [pou yo] rive gen yon konesans egzat sou laverite. ” (1 Timote 2:4.) Apa de yon kantite trak ak bwochi ki fèt espre pou ede moun, nou gen yon kokenn piblikasyon nou kapab itilize nenpòt lè, pou nou ede moun relijyon yo pa t anseye yo laverite sou Bondye ak Kris.

2 Lè n ap preche bòn nouvèl Wayòm nan, youn nan objektif nou ta dwe genyen se ede moun ki byen dispoze pou yo pran konsyans Pawòl Bondye gen yon valè siperyè (Filipyen 3:8). Piblikasyon biblik nou kite yo jwe yon gwo gwo wòl nan gaye mesaj Wayòm nan. Se kon sa gen plizyè santèn milye moun ki rive sèvi Jewova, lè yo aprann verite ki nan Bib la, gras ak liv Vivre éternellement an.

3 Objektif nou nan ministè a, se pa sèlman kite piblikasyon pou moun ki vle pran. Men tou fòk nou prezante mesaj Wayòm nan yon fason pou l enteresan. Nou bezwen koute moun yo pou nou konnen opinyon yo, e finalman pou nou an mezi ‘ rezone ak yo daprè sa Ekriti yo di’. — Ak 17:2.

4 Kouman pou n fè ? Fason nou kòmanse konvèsasyon nou yo gen gwo enpòtans, paske sa bay moun yo okazyon pale, pou yo montre si wi ou non yo enterese nan Bib la ak mesaj ki anndan l.

5 Men sa nou kapab di :

◼ “ Nou pase wè w pou nou fè yon ti pale sou siyifikasyon evènman k ap fèt jodi a. Gen anpil moun ki pa enterese nan Bondye ankò, e ki pa enterese nan Pawòl li, Labib. Atitid sa a vin chanje konpòtman moun anpil anpil. Èske ou menm ou remake sa ? [Nou kite moun nan reponn. Nou kapab site kèk fè reyèl presi ki montre sa.] Gade ki jan 2 Timote 3:1-5 esplike konpòtman kèk moun, e w ap di m si konpòtman sa a pa fè w panse ak monn jodi a. [N ap li l.] Èske nou ka gen espwa sitiyasyon an pral amelyore ? ” Kèlkeswa repons moun nan, n ap montre l imaj ki nan paj 12 ak paj 13 liv Vivre éternellement an, epi n ap atire atansyon l sou paragraf 12 ak paragraf 13 la. Apre sa, n ap pwopoze l liv la pou 8 Goud. Si sa pa enterese l, n ap pwopoze l yon trak Viv ak lapè nan yon monn nouvo.

6 Si se yon papa oswa yon manman nou rankontre, nou kapab antame konvèsasyon an kon sa :

◼ “ N ap pale ak moun ki enterese konsènan pi bon fason pou moun rezoud pwoblèm ki genyen anndan fanmi. Nan domèn sa a tout moun fè sa yo kapab. Men, si gen yon bagay ki ka pèmèt nou jwenn yon pi bon rezilta, nou ta ere pou nou pwofite de sa, pa vre ? [Nou kite moun nan reponn.] Nan Kolosyen 3:12-14, Bib la ban nou konsèy sou sa. [N ap li l.] Daprè ou menm, ki sa nou dwe fè pou nou ere nan fanmi nou ?” N ap fin kite l reponn, e apre sa n ap di : “ Gade sa ki di nan liv sa a, nan chapit ‘ Comment s’assurer une vie de famille heureuse ’ ” N ap li paragraf 3 nan paj 238 liv Vivre éternellement an. Si moun nan prese, n ap sèlman pwopoze l liv la. (Amwenske ou menm ou wè li pi bon pou w prezante l de peryodik oswa trak Une vie de famille agréable la).

7 Nou pap bliye retounen wè tout moun ki te montre yo enterese : Sipleman Ministère du Royaume mas 1997 la te ankouraje nou pou nou pa pè fè nouvèl vizit. Li te sijere pou nou sèvi ak bwochi Ki sa oswa Attend, pou nou kòmanse etid ak moun ki te montre yo enterese nan mesaj n ap preche a. Ki jan nou ka fè sa ?

8 Lè nou fin salye moun nan, nou kapab di :

◼ “ Nan konvèsasyon nou te genyen lòt jou a, nou te pale de siyifikasyon evènman nou wè jodi a. Nou te li 2 Timote 3:1-5 pou nou montre Bondye te gen tan di sitiyasyon an t apral kon sa. Men mwen te vle poze w yon kesyon. Èske w panse se Bondye ki te vle pou nou nan tout kalite pwoblèm k ap trakase nou jodi a ? [Nou kite moun nan reponn.] Petèt ou konnen priyè Jezi te montre disip li yo fè, lè l te sou tè a. Nan priyè sa a, li te mande pou Wayòm nan vini. Èske w konnen ki sa Wayòm nan ye ?” N ap ouvri bwochi Ki sa a nan leson 6, e n ap li kesyon yo poze nan kòmansman leson an. Apre sa, pandan n ap li paragraf l an, n ap tou atire atansyon moun nan sou repons premye kesyon an. N ap mande l si li ta renmen jwenn repons lòt kesyon yo. Si li di wi, n ap pousuiv avèk de lòt paragraf yo, e n ap montre l ki jan li ka prepare yon lòt leson pou pwochen vizit la.

9 Si se yon moun nou te pale avè l sou sa nou kapab fè pou nou ere nan fanmi nou, nou gen dwa kòmanse kon sa :

◼ “ Dènye fwa nou te pale, nou te atire atansyon w sou ki kote moun ka jwenn bon jan konsèy pou yo ka ere nan fanmi yo. Men daprè ou menm, ki sa chak moun nan fanmi an ta dwe fè pou bonè sa a ka posib ? ” Lè moun nan fin reponn, n ap li Izayi 48:17. N ap ouvri bwochi Ki sa a nan leson 8, e n ap kòmante vèsè yo bay kòm referans yo, e n ap montre moun nan li ta bon pou chak manm nan fanmi an suiv yo. Ansuit n ap U seri kesyon ki parèt nan kòmansman leson an, e n ap mande l si sa ta enterese l pou li konnen repons yo. Si sa ta enterese l, n ap ofri l bwochi a pou 2.50 Goud, e n ap tou poze yon kesyon ki ka sèvi baz pou pwochen vizit la.

10 Nou dwe toujou sonje sa : objektif nou se bay yon temwayaj afon sou Wayòm nan (Mat. 24:14). Si nou byen itilize Bib la ak piblikasyon biblik ki a dispozisyon nou yo, nou mèt gen konfyans Jewova ap beni efò n ap deplwaye pou nou fè volonte l, nan epòk kritik ki la kounye a. E se kon sa, nou pa janm konnen, nou ka byen ede moun sa a dekouvri yon trezò. — Gal. 6:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje