BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/98 p. 1
  • Ala bon sa bon lè nou toujou nan reyinyon !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ala bon sa bon lè nou toujou nan reyinyon !
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Pwogram pou fanmi an — Reyinyon kongregasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1998
km 7/98 p. 1

Ala bon sa bon lè nou toujou nan reyinyon !

1 Pandan plizyè dizèn ane ann Ewòp de lès, yo te entèdi frè nou yo reyini an piblik. Nou ka imajine jan yo te kontan lè yo te leve entèdiksyon sa a, e yo te vin kapab reyini lib !

2 Konsènan vizit yon siveyan sikonskripsyon te fè nan youn nan kongregasyon sa yo, li te ekri : “ Se te yon madi swa, jou vizit la te kòmanse a menm. Sistèm pou chofe sal la te tonbe an pàn. Deyò a te fè frèt anpil anpil, e anndan an, li te fè sèlman 5° Sèlsiyis. Frè yo te chita avèk tout manto yo, echap yo, gan yo, bone yo, e bòt yo nan pye yo. Pyès moun pa t kapab chache vèsè nan Bib la, paske li te enposib pou yo feyte paj yo. Pandan mwen te sou estrad la, ak tout mwen te kostime, mwen te santi m ap jele bon jan jele, e chak fwa mwen te ouvri bouch mwen, mwen te wè vapè ki t ap soti. Men sa ki te enpresyone m, se dèske mwen pa t menm tande yon ti plenyen. Tout frè yo te di ki jan yo te kontan, ki jan sa te bon, dèske yo te la ansanm ! ” Lide pou yo ta rate reyinyon sa a, pa t menm pase nan tèt frè yo !

3 Èske nou panse menm jan avè yo ? Èske nou ancheri pòtinite nou genyen, chak semèn, an tout libète, pou nou rankontre ansanm nan reyinyon nou yo ? Oubyen, èske nou konsidere reyinyon yo kon sa kon sa, kòm yon kote n ale lè nou kapab ? Li gen dwa pa fasil pou nou asiste reyinyon, e gen de fwa, petèt nou gen yon rezon valab ki fè nou pa la. Men fòk nou pa bliye : gen moun pami nou la a, malgre yo nan yon laj avanse, e malgre yo gen bon jan pwoblèm sante, yo gen yon andikap fizik, yon orè travay difisil, ak lòt gwo gwo reskonsablite, yo wè enpòtans reyinyon yo, e yo prèske toujou la. Se bèl egzanp pou nou imite ! — Konpare avèk Lik 2:37.

4 Ann fè sa tounen abitid pou nou bay vrè adorasyon an jarèt lè nou asiste tout reyinyon nou yo, soti sou etid de liv, rive nan gwo kongrè distri. Pou ki sa nou ta dwe pran kesyon asiste reyinyon an oserye ? Paske se lòd Bondye bay pou nou reyini ansanm. Men gen lòt rezon enpòtan toujou. Nou tout nou bezwen enstriksyon Bondye, e nou bezwen konkou lespri sen. Nou jwenn tou sa nan reyinyon. Lè kon sa nou vin solid, paske nou jwenn yon echanj ankourajman, lè nou ansanm ak moun ki gen menm kwayans ak nou. — Ebre 10:24, 25.

5 Lè Jezi te transfigire a, Pyè te di : “ Anseyan, ala bon sa bon dèske nou isit la. ” (Lik 9:33). Nou dwe panse menm jan an, pou chak reyinyon nou genyen. Wi, an verite, ala bon sa bon lè nou toujou nan reyinyon !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje