BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/98 p. 1
  • Nou kapab fè èv ki pi gwo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou kapab fè èv ki pi gwo
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • “ Ale epi fè disip ”
    “Vin suiv mwen”
Ministè Wayòm nan — 1998
km 9/98 p. 1

Nou kapab fè èv ki pi gwo

1 Te gen kèk èv estwòdinè ki te make ministè Jezi. Li te fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje, li te geri anpil lòt, e gen kèk lòt li te resisite (Matye 8:1-17 ; 14:14-21 ; Jan 11:38- 44). Aktivite Jezi te retni atansyon tout yon nasyon. Epoutan, lavèy jou lanmò li, li te di disip fidèl li yo : “ Moun ki egzèse lafwa nan mwen, li menm tou li va fè èv m ap fè yo. E, li va fè èv ki pi gwo pase sa yo. ” (Jan 14:12). Nou kapab fè èv ki “ pi gwo ” ? Ki jan ?

2 Lè nou touche plis teritwa : Jezi te akonpli aktivite l nan teritwa Palestin sèlman. Epoutan, li te di premye disip li yo pou yo preche “ jouk nan dènye bout tè a ”, pi lwen lontan pase kote Jezi li menm te preche (Ak 1:8). Travay predikasyon Jezi te kòmanse a gaye kounye a sou tout tè a. Li rive nan 232 peyi (Matye 24:14). Èske nou patisipe nan aktivite sa a anplen nan teritwa kongregasyon nou ?

3 Lè nou atenn plis moun : Disip Jezi te kite dèyè pou kontinye travay predikasyon an pa t vrèman anpil. Kòm yo te preche avèk zèl jou Lapannkòt lane 33 nan epòk nou an, anviwon twa mil nanm te asepte laverite e yo te batize (Ak 2:1-11, 37-41). Kanpay pou rasanble moun “ ki nan bonjan dispozisyon pou lavi etènèl la ” ap kontinye jis nan epòk nou an, kote, an mwayèn, plis pase l 000 moun batize chak jou (Ak 13:48). Èske nou fè tout posib nou pou n atenn moun ki sensè tout kote nou ka jwenn yo ? Èske osito sa posib nou fè tout sa nou kapab pou nou suiv enterè yo ?

4 Lè nou preche pandan plis tan : Se senpman twazan edmi Jezi te pase ap preche sou tè a. Laplipa nan nou gen piplis pase twazan edmi depi n ap preche. San nou pa bezwen konnen pandan konbyen tan n ap kontinye fè travay sa a ankò, nou byen kontan ede chak nouvo disip pou li angaje li sou chemen lavi a (Matye 7:14). Èske nou jwenn anpil bagay pou nou fè chak mwa nan travay Seyè a ? — 1 Korentyen 15:58.

5 Etandone Jezi ap soutni nou, nou kapab gen konfyans nou va kontinye fè pi gwo èv toujou kòm vrè disip li.— Matye 28:19, 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje