BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/98 p. 1
  • Annou chèche konnen frè nou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou chèche konnen frè nou yo
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Kiyès ki frè nou ak sè nou?
    Koute gran Anseyan an
  • Ann kontinye fè efò pou n vin gen plis lanmou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Annou youn ankouraje lòt “plis toujou”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Ministè Wayòm nan — 1998
km 9/98 p. 1

Annou chèche konnen frè nou yo

1 Daprè Bib la, yon vrè zanmi se yon moun ki pi atachan pase yon frè, yon moun ki pap chanje nan amou ak fidelite li, epi ki pote èd pou konpayèl li lè l nan pwoblèm (Pwovèb 17:17; 18:24). Nou pap manke gen kalite zanmi sa yo nan kongregasyon an, si nou fè efò pou youn chèche konnen lòt e si nou fè efò pou youn renmen lòt.— Jan 13:35.

2 Anvan reyinyon epi apre reyinyon, nou gen bèl okazyon pou nou aprann konnen frè nou yo pi byen. Pou ki sa nou pa rive bonè, e pou ki sa nou pa fè yon ti rete apre reyinyon an, dekwa pou nou pwofite yon konpayi enteresan e agreyab ? Abòde plizyè kalite frè, pou nou pale avè yo, san nou pa bliye sa ki aje ki gen esperyans, sa ki jèn oswa sa ki timid yo.

3 Tanmen yon konvèsasyon : Pa kontante nou annik di frè nou yo yon senp bonjou anpasan. Pou nou tanmen yon konvèsasyon, nou kapab pataje yon esperyans nou te fè nan predikasyon, nou kapab pale de yon ide enteresan nan yon peryodik ki fèk vini, oubyen fè yon kòmantè sou reyinyon ki fèk fini an. Nou kapab aprann anpil bagay de frè nou yo, si nou koute yo byen, si nou ankouraje yo pale nou de esperyans yo fè ak bagay yo aprann. Nou kapab dekouvri anpil bagay, lè nou senpman mande yon moun ki jan li te fè vin konnen Jewova. Gen moun ki te travèse difikilte ki fòtifye lafwa yo, alòske gen lòt k ap andire yon seri sitiyasyon difisil anpil moun pa ta imajine. Si nou pran konsyans de sa, sa ap ede nou, kòm vrè zanmi, pou nou sansib ak bezwen lòt yo, e pou nou reponn ak bezwen sa yo.

4 Youn apresye lòt : Te gen yon sè apre lanmò yon pitit fi li ki te gen pwoblèm pou li chante kantik Wayòm nan ki pale de rezirèksyon. Men ki sa li sonje : “ Yon lè, yon sè ki te chita nan lòt ranje a, te wè m ap kriye. Li vini bò kote m, li pase bra nan kou mwen e li chante rès kantik la avè m. Mwen te santi m renmen frè ak sè yo anpil, e mwen te santi m tèlman kontan dèske nou te la nan reyinyon an. Mwen te pran konsyans sekou nou se la li ye, nan Sal Wayòm nan. ” Nou dwe montre nou apresye frè nou yo lè nou pote konsolasyon pou yo lè yo bezwen, e lè nou ofri yo ankourajman toutan. — Ebre 10:24, 25.

5 Piske de jou an jou, monn vyeyi sa a se plis presyon l ap fè sou nou, annou pran rezolisyon pou nou konnen frè nou yo pi byen. Echanj ankourajman sensè sa a va yon benediksyon pou nou tout.— Women 1:11, 12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje