BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/99 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 1999
Ministè Wayòm nan — 1999
km 1/99 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1985 e ki nan estòk kongregasyon an. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo nan estòk yo kapab ofri La paix et la sécurité véritables : comment est-ce possible ? oubyen Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Fevriye : Le secret du bonheur familial. Mas : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik. Avril : La Tour de Garde ak Réveillez-vous!. Toujou genyen bwochi Sa Bondye Vle a avèk nou, pou moun ki enterese yo, e fè efò pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Paj mitan Ministè Wayòm sa a konsène kongrè distri 1999 la. Y ap egzamine li nan reyinyon sèvis semèn 28 desanm 1998.

◼ Tout pwoklamatè batize ki nan reyinyon sèvis semèn 4 janvye a ap resevwa kat “ Instructions médicales/pas de sang ” avèk “ Cartes d’identité ” pou pitit yo.

◼ Apati mwa fevriye oswa premye mas, pou pita, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante nouvo diskou piblik : “ Dieu est-il bien réel pour vous ? ”

◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la jedi premye avril apre solèy fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo dwe pase anblèm yo apre solèy fin kouche. Verifye akilè solèy kouche nan zòn nou ye a. Kwak li swetab pou chak kongregasyon selebre Memoryal la apa, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, nou sijere pou gen omwen 40 minit ant seremoni yo, pou pèmèt nou salye vizitè yo, ankouraje nouvo yo epi pwofite o maksimòm de okazyon an. Epitou, nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou machin paking oubyen pwoblèm blokis sa kapab bay nan monte oswa desann machin. Kolèj ansyen yo ta dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.

◼ Y ap bay diskou piblik espesyal pou epòk Memoryal 1999 la dimanch 18 avril. Tèm nan se : “ L’amitié véritable avec Dieu et notre prochain ”. Y ap voye yon chema. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn sa a, ap genyen diskou espesyal la semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 18 avril 1999.

◼ Leta ayisyen mande pou tout moun ki gen 18 an fè kat didantite yo. Tout kretyen ki gentan rive nan laj sa a dwe regle kesyon sa a prese prese. Se yon fason pou nou montre nou soumèt anba otorite siperyè yo. Kou yon jèn rive nan laj 18 an, ansyen yo ap fè li sonje pou li fè sa. Ansyen yo ap dispoze reponn kesyon li te ka genyen anrapò ak reskonsablite jèn kretyen yo.

◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :

Pourquoi adorer Dieu en amour et en vérité ? — fransè

Calendrier des Témoins de Jéhovah — anglè, espayòl

◼ Nouvo kasèt ki disponib :

Le secret du bonheur familial — espayòl

◼ Nouvo disk konpak ki disponib :

CD-ROM Bibliothèque de la Société Watchtower — Édition 1997 — espayòl

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje