BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/99 p. 6
  • Kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye Vle a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye Vle a
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sèvi ak bwochi Bon nouvèl la pou nou anseye moun yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Entwodiksyon yo ban nou pou predikasyon
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 1/99 p. 6

Kòmanse etid nan bwochi Sa Bondye Vle a

1 Rapò ki soti toupatou sou tè a montre bwochi Ki sa Bondye Vle Nou Fè ? se yon kokenn zouti pou aprann moun laverite. Gen plizyè milye etid biblik yo kòmanse chak semèn nan bwochi sa a. Èske ou menm ou jwenn siksè nan derape epi kondui etid biblik avèk bwochi Sa Bondye Vle a ?

2 Kwak anpil moun plase bwochi a byen fasil, gen ladan yo ki twouve li difisil pou yo rive jwenn ki sa pou yo di pou yo derape etid la. Ki metòd efikas lòt moun konn itilize pou kòmanse etid biblik nan bwochi sa a ? Sijesyon annapre yo kapab byen itil.

3 Fè yon demonstrasyon sou etid la : Nan premye pasaj nou oswa nan yon vizit, olye pou nou jis ofri yon etid biblik, nou kapab bay yon demonstrasyon ki jan etid la pral dewoule. Sa kapab retire tout mistè ak lapèrèz anpil moun konn asosye avèk mo “ etid ” la. Onfwa nou aprann fè yon demonstrasyon avèk yon entwodiksyon senp, n ap twouve li fasil pou nou tou kòmanse yon etid .

4 Preparasyon se kle a : Antouzyas nou pou kòmanse etid biblik gen yon relasyon dirèk avèk jan nou byen prepare. Yon preparasyon alavans ap ede nou chase tout ti ezitasyon nou te ka genyen pou nou patisipe nan aktivite etid biblik la. Nan egzèse prezantasyon nou yo plizyè fwa, nou vin esprime nou sou ton yon konvèsasyon, yon fason ki natirèl e avèk pwòp mo pa nou. Non sèlman sa ap ede nou pou nou pa sou tansyon, men tou sa ap mete moun nan alèz.

5 Lè w ap repete prezantasyon an, li enpòtan pou w kontwole lè a, konsa ou ka tou enfòme moun nan konbyen tan demonstrasyon etid la ap pran. Men ki sa yon frè konn di apre li fin prezante li : “ Mwen te pase ba ou yon demonstrasyon sou yon pwogram etid biblik gratis nou genyen. Sa ka pran anviwon senk minit. Èske ou disponib pou senk minit ? ” Fè yon demonstrasyon ak premye leson nan bwochi Sa Bondye Vle a kapab pran anviwon senk minit. Natirèlman, se sèlman kèk vèsè ou te chwazi w ap kapab li nan tan sa a. Menm si ou fini premye leson an nan kèk minit sèlman, moun nan ap tou benefisye premye etid li. Apre sa, ou kapab fè li konnen lè ou retounen pou leson 2 a, w ap pran 15 minit sèlman.

6 Men yon prezantasyon ki fè prèv li :

◼ “ Mwen ta renmen montre w yon metod trè senp men rapid k ap pèmèt ou fè yon etid biblik lakay ou nan bwochi sa a : Ki sa Bondye Vle Nou Fè ? Anpil moun dekouvri nan sèlman 15 minit chak semèn, nan 16 semèn yo ka rive jwenn repons biblik ki satisfè yo pou yon seri kesyon enpòtan tankou sa yo ”. Rapidman, montre lis chapit yo. Vire nan leson 1 an epi di : “ Si ou dispoze senk minit, m ap byen kontan montre w ki jan sa fèt. Tit leson 1 an se ‘ ki jan w ka rive jwenn sa Bondye vle a’ ”. Apre sa, li twa kesyon yo epi esplike chif ki anndan parantèz yo. Li paragraf 1 an epi montre moun nan ki jan pou li chèche repons la. Nou kapab mande li fè lekti paragraf 2 a. Epi nou ka di : “ Avèk enfòmasyon sa yo, ki jan ou ta reponn kesyon sa a ? [Li kesyon an ankò epi envite li reponn.] W ap remake gen tèks biblik ki mache ak chak paragraf. Yo atire atansyon nou sou repons Bib la bay pou kesyon sa yo. Pa egzanp, annou li 2 Timote 3:16, 17 e annou wè si li apiye repons ou te bay konsènan moun ki te fè ekri Bib la. ” Apre lekti paragraf 3 a, poze kesyon an, epi li Jan 17:3. Avèk yon revizyon sou leson 1 an atire atansyon moun nan sou konesans li gentan pran. Rive nan pwen sa a, ou kapab pase nan leson 2 a epi li dènye kesyon an : “ Ki 2 fason nou kapab aprann konsènan Bondye ? ” Apre sa, ou ka mande : “ Kilè ou ka dispoze anviwon 15 minit pou nou fè leson 2 a e jwenn repons kesyon sa a ? ”

7 Li enpòtan pou konvèsasyon an rete senp. Felisite moun nan chak fwa sa posib. Lè n ap pran dispozisyon pou yon lòt vizit, olye pou nou mande moun nan si li ta renmen kontinye, jis ankouraje li fè menm jan an pou pwochen leson an. Fè li konnen ou anvizaje retounen avèk plezi. Gen pwoklamatè ki konn ofri pou yo fè yon leson nan telefòn, si li difisil pou moun nan pwograme yon randevou. Ou kapab ankouraje etidyan an mete bwochi a yon kote apa, konsa li va soumen pou pwochen vizit la.

8 Se pou nou byen deside : Menm si preparasyon se kle ki pou fè nou reyisi, nou dwe kanmèm byen deside pou nou kontinye. Fè yon leson nan kèk minit sèlman kapab reprezante yon defi. Donk, se pou nou detèmine pou nou repete prezantasyon an otan sa nesesè, dekwa pou nou alèz lè n ap fè demonstrasyon etid la. Eseye fè demonstrasyon etid la ak nenpòt moun nou rankontre lakay li, nan temwayaj enfòmèl oswa nan telefòn. Si ou gen difikilte pou ou kòmanse yon etid biblik, pa dekouraje. Siksè pou derape etid biblik mande detèminasyon ak yon dezi sensè pou nou pataje laverite ak lòt moun. — Galat 6:9.

9 Lè w aplike sijesyon sa yo, ou menm tou w ap kapab gen privilèj ede lòt moun jwenn chemen lavi a, lè ou kòmanse e lè ou kondi yon etid biblik nan bwochi Sa Bondye Vle a. — Matye 7:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje