Sèvi ak bwochi Bon nouvèl la pou nou anseye moun yo
1. Poukisa yo fè bwochi Bon nouvèl la?
1 Jan nou te pale de sa nan Ministè Wayòm jiyè a, youn nan zouti enpòtan nou gen nan valiz predikasyon nou se bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! Yo bay yon seri vèsè kòm referans, men yo pa site sa yo di, pou moun nou rankontre yo ka li vèsè sa yo nan Bib la dirèkteman. Byenke yo fè anpil nan piblikasyon nou etidye ak moun yo yon fason pou moun yo ka aprann ladan yo poukont yo, yo fè bwochi Bon nouvèl la yon fason pou se yon anseyan ki etidye l ak moun yo. Se poutèt sa, lè nou bay yon moun nou rankontre bwochi sa a, nou dwe montre l ki jan nou fè etid la pou l ka wè jan sa bon pou yon moun aprann konnen bon nouvèl ki nan Bib la. — Mat. 13:44.
2. Ki jan nou ka sèvi ak bwochi Bon nouvèl la premye fwa nou rankontre yon moun?
2 Premye fwa nou rankontre yon moun: Nou kapab di l: “Mwen vin lakay ou paske m remake gen anpil moun ki enkyè, y ap mande ki kote monn sa a prale? Èske w panse bagay yo ap amelyore yon jou? [Kite moun nan reponn.] Labib gen yon bon nouvèl ki ka fè nou gen espwa. Nan bwochi sa a, w ap jwenn kèk kesyon Labib reponn.” Lonje bwochi a bay moun nan epi mande l chwazi youn nan kesyon yo poze sou do bwochi a. Apre sa, sèvi ak premye paragraf ki nan leson l chwazi a pou n montre l ki jan nou fè yon etid. Yon lòt fason nou ka fè sa ankò se poze moun nan yon kesyon k ap enterese l ki nan yon leson nou menm nou chwazi, apre sa montre l ki jan bwochi a ka ede l jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa a. Si gen yon videyo sou sit jw.org la ki gen rapò ak leson sa a, kèk pwoklamatè ka pase l pandan y ap fè prezantasyon an.
3. Esplike fason pou nou fè yon etid lè n ap sèvi ak bwochi Bon nouvèl la.
3 Fason pou nou fè etid la: 1) Li kesyon yo ekri ak lèt fonse yo e ki gen yon chif devan l lan pou nou atire atansyon moun nan sou pwen prensipal la. 2) Li paragraf ki anba l la. 3) Li vèsè yo ekri an italik yo epi sèvi ak kèk kesyon nou byen chwazi pou n ede moun nan wè jan vèsè yo reponn kesyon yo te poze a. 4) Si gen yon lòt paragraf anba menm kesyon an, refè sa yo di nan pwen 2 a ak pwen 3 a. Si gen yon videyo ki mache ak kesyon an e nou potko pase l pou moun nan, nou mèt chèche yon kote pou n fè sa nan konvèsasyon an. 5) Pou fini, mande moun nan pou l reponn kesyon yo poze a pou n ka sèten li konprann li.
4. Ki sa k ap ede nou sèvi ak zouti sa a ki gen anpil enpòtans yon fason ki efikas?
4 Chèche abitye ak zouti sa a ki gen anpil enpòtans. Sèvi ak li nan tout okazyon. Anvan chak etid, panse ak moun nou pral fè etid la epi reflechi sou pi bon fason pou n rezone ak li lè n sèvi ak vèsè ki nan leson an (Pwo. 15:28; Tra. 17:2, 3). Toutpandan n ap vin gen plis eksperyans e n ap vin pi efikas, nou ka vin konsidere bwochi sa a kòm youn nan zouti nou pi renmen itilize pou n anseye lòt moun laverite!