Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
Yon nouvo bwochi k ap ede n fè vizit e kòmanse etid biblik
1. Ki nouvo bwochi yo te prezante nan kongrè distri “Pwoteje kè nou!” an k ap ede nou fè nouvèl vizit e kòmanse etid biblik?
1 Pandan kongrè distri “Pwoteje kè nou!” an, nou te byen kontan resevwa yon nouvo bwochi ki ka ede nou fè vizit e kòmanse etid biblik. Bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! sanble ak bwochi Bondye vle a. Men, li ranplase bwochi Bondye vle a e leson ki ladan l yo pi kout. Konsa nou ka itilize bwochi sa a pou n kòmanse etid biblik nan papòt kay moun yo. Bwochi Bondye vle a te plis mete aksan sou sa yon kretyen dwe fè e egzijans sa yo ka difisil pou yon nouvo etidyan aksepte, tandiske nouvo bwochi a mete aksan sou bon nouvèl nou jwenn nan Bib la. — Tra. 15:35.
2. Poukisa yo fè bwochi Bon nouvèl la?
2 Poukisa yo te fè l? Frè sou tout tè a te bezwen yon zouti ki senp ki ka fè laverite atiran pou moun yo e k ap pèmèt frè yo travèse nan liv Sa Labib anseye a ki se prensipal zouti nou itilize pou n fè etid biblik. Byen souvan, moun ki konn pè lè yo wè valè paj ki gen nan yon liv konn prefere nou sèvi ak yon bwochi pou n etidye Labib avèk yo. Anplis de sa, li konn pi fasil pou yo tradui yon bwochi nan yon pakèt lang.
3. Nan ki sans bwochi sa a pa menm ak lòt piblikasyon nou konn itilize pou n fè etid biblik?
3 Fason yo prezante enfòmasyon yo: Anpil nan piblikasyon nou itilize pou n fè etid ak moun ekri yon fason moun ka li yo e moun ka konprann laverite san yo pa bezwen yon lòt moun pou ede yo. Se pa menm bagay pou bwochi sa a. Yo fè l pou yon anseyan itilize l kòm yon gid pou l kòmanse etid biblik ak moun. Sepandan, lè n ap ba yon moun li, li pi bon pou n egzamine youn oubyen de paragraf avè l. Paragraf yo pa long, nou ka egzamine yo ak moun nan nan papòt kay li oubyen nan biznis li. Byenke leson 1 an nan bon pozisyon pou n kòmanse etid biblik ak yon moun, men nou ka kòmanse yon etid prèske nenpòt kote nan bwochi a.
4. Kòman bwochi a ede nou pou n anseye moun yo dirèkteman nan Bib la?
4 Nan anpil piblikasyon nou yo, nou ka jwenn repons kesyon yo nan paragraf yo. Men, nan bwochi sa a, se sitou nan Bib la n ap jwenn repons kesyon yo. Anpil moun prefere aprann laverite dirèkteman nan Bib la olye yo aprann laverite nan piblikasyon nou yo. Sepandan, pifò tèks biblik yo bay yo, yo pa site sa yo di. Etidyan an oblije li yo nan Bib la menm. Sa ap ede yo konprann sa yo aprann nan se nan Bondye yo soti. — Iza. 54:13.
5. Poukisa li enpòtan pou nou byen prepare chak fwa nou pral kondui yon etid?
5 Bwochi a pa esplike tout tèks nou jwenn ladan l yo. Poukisa? Se paske yo prezante enfòmasyon yo yon fason pou ankouraje etidyan an poze kesyon e pou moun k ap kondui etid la sèvi ak kapasite l genyen pou l anseye. Se sa k fè, li enpòtan pou n byen prepare chak fwa nou pral kondui yon etid. Men, atansyon: pinga nou pale twòp. Se vre, nou renmen esplike moun tèks biblik yo, men n ap fè yon pi bon travay si nou mande etidyan an pou l esplike sa l konprann nan tèks la. Lè nou itilize kesyon yo avèk tak, nou ka ede l rezone sou chak tèks biblik. — Tra. 17:2.
6. Ki jan nou ka itilize bwochi a: a) lè moun gen dout sou egzistans Bondye ak sou Bib la? b) lè n ap preche kay an kay? c) lè n ap itilize metòd dirèk la pou n kòmanse etid biblik? d) lè nou retounen fè nouvèl vizit?
6 Menm jan ak lòt piblikasyon nou itilize pou n fè etid, nou ka ofri bwochi sa a nan nenpòt okazyon, menmsi se pa li n ap ofri pou mwa a. Anpil pwoklamatè pral kontan itilize metòd dirèk la pou yo kòmanse etid biblik nan papòt kay moun yo. Mete sou sa, tankou nou te tande sa nan kongrè distri a, si nou sèvi ak bwochi a lè n retounen vizite moun ki enterese yo, nou “ka vrèman fè aktivite nouvèl vizit la yon aktivite ki enteresan.” — Gade kare ki nan paj 5-7 la.
7. Ki jan nou ka itilize bwochi a pou n kondui yon etid biblik?
7 Fason pou n kondui etid la: Pou kòmanse, nou ka li kesyon ki nimewote yo, yo ekri ak lèt fonse. Apre sa, li paragraf la ak vèsè ki ann italik la (yo). Avèk tak, itilize kesyon pou n ede etidyan an konprann tèks biblik yo. Ansuit, anvan nou pase nan lòt pati a, mande moun nan pou l reponn kesyon yo ekri ak lèt fonse a pou n ka asire nou li byen konprann li. Nan premye vizit yo, li ka pi bon pou n egzamine youn nan kesyon yo sèlman. Avèk letan, nou ka fè konvèsasyon an pi long pou n ka fè tout yon leson.
8. Ki sa nou dwe di lè nou pral li yon vèsè, e poukisa?
8 Lè yo ekri “li” devan tèks biblik yo bay kòm referans yo, konnen se tèks sa yo ki bay repons pou kesyon yo ekri ak lèt fonse a dirèkteman. Lè nou pral li yon vèsè, evite di moun nan: “Men sa apot Pòl te ekri” oubyen “ann gade sa Jeremi te predi.” Moun nan ka panse sa n ap li a se pawòl yon senp moun. L ap pi bon pou n di moun nan: “Men sa Pawòl Bondye a di” oubyen “ann gade sa Labib te predi.”
9. Èske nou dwe li tout vèsè yo bay kòm referans yo pandan etid la?
9 Èske nou dwe li tout vèsè yo bay kòm referans yo oubyen èske se vèsè yo make “li” devan yo a sèlman pou nou li? Sa depan de sikonstans yo. Lè yo bay vèsè yo kòm referans, se pa pou yo annik montre ki kote nan Bib la yo jwenn yon enfòmasyon ki nan bwochi a. Chak vèsè yo gen enfòmasyon enpòtan ki merite pou n egzamine yo. Men nan kèk ka, yon etidyan ka manke tan, li ka pa twò enterese, oubyen li ka pa fò nan li, l ap pi bon pou n li tèks yo ekri “li” devan yo a sèlman.
10. Ki lè nou ka travèse etid la nan liv Sa Labib anseye a?
10 Lè pou n travèse nan liv Sa Labib anseye a: Apre nou fin fè etid la plizyè fwa e nou wè etid biblik la byen etabli, nou ka swa travèse nan liv Sa Labib anseye a oubyen kontinye nan bwochi Bon nouvèl la jis nou fini l. Pwoklamatè yo ap sèvi ak bon jijman pou yo deside ki lè pou yo travèse nan lòt liv la. Lè n ap travèse nan liv Sa Labib anseye a, èske nou oblije kòmanse nan premye chapit la? Pa gen okenn règ sou sa. Tout moun pa menm. Sepandan, pou pifò etidyan, si nou ale nan menm sijè yo nan liv Sa Labib anseye a pou yo ka jwenn plis detay, l ap pi pwofitab pou yo.
11. Poukisa nou dwe byen sèvi ak nouvo bwochi a?
11 Nan yon monn kote moun pa tande bon nouvèl fasil, nou gen gwo privilèj pou n fè moun yo konnen pi bon nouvèl ki genyen an: Wayòm Bondye a kòmanse dirije e talè konsa li pral etabli yon monn nouvo kote jistis pral abite (Mat. 24:14; 2 Pyè 3:13). Nou sèten, anpil moun ki tande mesaj sa a pral dakò ak pawòl enspire sa a ki di: “Ala bèl yo bèl sou tèt mòn yo, pye moun k ap pote bon nouvèl, k ap pibliye lapè, k ap pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon, k ap pibliye delivrans, k ap di Siyon: ‘Bondye w la vin wa!’” (Iza. 52:7). Nou swete pou n itilize nouvo bwochi sa a pou n pote bon nouvèl pou moun ki swaf nan tèritwa nou yo!
[Kare nan paj 5]
Lè moun gen dout sou egzistans Bondye ak sou Bib la:
● Nan kèk zòn, pwoklamatè yo ka wè lè yo pale de “Bondye” oubyen yo pale de “Bib la” sa fè moun yo pa kontinye pale avèk yo. Nan ka sa yo, nan premye vizit la, l ap pi bon pou n pale sou sijè ki enterese moun nan zòn nan, tankou jan anpil moun ta swete pou gen bon gouvènman nan peyi yo, yo ta renmen jwenn konsèy k ap itil fanmi yo, yo ta renmen konnen sa lavni rezève pou yo. Apre nou fin fè plizyè konvèsasyon ak moun nan kote nou pale sou rezon ki fè nou kwè Bondye egziste ak rezon ki fè Bib la merite pou n fè l konfyans, petèt nou ka itilize bwochi Bon nouvèl la nan moman sa a.
[Kare nan paj 6]
Lè n ap preche kay an kay:
● “Mwen vin lakay ou pou m montre w jan l fasil pou moun konnen objektif Bondye gen pou lèzòm. Èske w konn mande tèt ou si yon lè Bondye ap retire nou nan soufrans? [Kite moun nan reponn.] Bwochi sa a montre ki kote w ka jwenn repons kesyon sa a nan Bib la. [Bay moun nan bwochi a, epi li premye paragraf nan leson 1 an ak Jeremi 29:11.] Dapre sa nou li la a, èske li pa nòmal pou n kwè Bondye vle nou gen yon bèl avni? [Kite moun nan reponn.] Si w vle, m ap kite bwochi sa a pou ou. Pwochèn fwa a, n ap egzamine paragraf ki vin apre a pou n ka jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa a: ‘Kòman Bondye pral retire tout sa ki lakòz lèzòm ap soufri?’” Premye fwa nou vizite moun nan, si l sanble gen plis tan, nou ka li dezyèm paragraf la epi nou ka egzamine twa vèsè biblik ki ladan l yo ansanm ak li. Pran randevou pou n retounen vin reponn dezyèm kesyon ki nan leson an.
● “Anpil moun renmen priye, sitou lè yo gen pwoblèm. E ou menm èske w konn priye? [Kite moun nan reponn.] Dapre ou menm, èske Bondye koute tout priyè, oubyen èske gen priyè ki pa fè l plezi? [Kite moun nan reponn.] M gen yon bwochi ki ka ede w jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa yo. [Bay moun nan bwochi a, epi egzamine premye paragraf nan leson 12 la avè l ak vèsè yo ekri “li” devan yo a.] Èske w pa twouve sa estrawòdinè lefètke Bondye dispoze koute nou lè n ap pale avè l? Men, pou priyè nou yo ka pwofitab pou nou, nou bezwen byen konnen Bondye. [Ale nan dezyèm leson an epi montre l soutit yo.] Si w vle, m ka kite bwochi sa a pou ou epi m ap retounen yon lòt lè pou n ka jwenn repons Bib la bay pou kesyon enteresan sa yo.”
● “Mwen vin lakay ou pou nou pale sou yon sijè ki enterese anpil moun. Lè n ap gade sa k ap pase sou tè a, gen moun k ap mande ki kote monn sa a prale. Èske w panse sitiyasyon monn nan ap janm chanje? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun etone lè yo aprann Bib la gen bon nouvèl ki ka ban nou espwa. Nan bwochi sa a gen kèk kesyon Bib la bay repons yo.” Bay moun nan bwochi a, epi mande l pou l chwazi kesyon ki pi enterese l nan kesyon ki sou do bwochi a. Ale nan leson li chwazi a epi montre l kòman nou fè etid la. Pran randevou pou n retounen vizite l e lè n tounen, egzamine kesyon ki vin apre a avè l.
[Kare nan paj 7]
Eseye metòd dirèk la:
● “Mwen pase lakay ou pou m montre w jan nou ka sèvi ak bwochi sa a pou n etidye Labib avè w. Bwochi a gen 15 leson ladan l ki montre ki kote nan Bib la ou ka jwenn repons pou yon seri kesyon ki trèzenpòtan. [Montre l paj ki pa devan bwochi a ak do bwochi a.] Èske w konn chèche konprann sa k nan Bib la? [Kite moun nan reponn.] Kite m montre w jan leson yo fasil. [Nan leson 3 a, egzamine premye paragraf ki nan twazyèm kesyon an epi li Revelasyon 21:4, 5. Si sa apwopriye, egzamine paragraf ki vin apre a ak vèsè yo ekri “li” devan yo a.] Si w vle, nou ka kite bwochi sa a pou ou. Nou ta renmen tounen pou n fè etidye Bib la avè w omwen yon lòt fwa ankò. Si w renmen l n ap kontinye l. Pwochèn fwa n pase, nou ka egzamine premye leson an. W ap remake leson an nan yon sèl paj.”
[Kare nan paj 7]
Fason pou n fè vizit ak nouvo bwochi a:
● Lè nou retounen vizite yon moun ki enterese, nou ka di l: “Nou byen kontan wè w ankò. Nou pote bwochi sa a pou ou, li montre repons Bib la bay pou anpil kesyon enteresan. [Bay moun nan bwochi a epi montre l do bwochi a.] Ki sijè ki pi enterese w nan tout sijè sa yo? [Kite moun nan reponn. Apre sa, al nan leson l chwazi a.] Kite nou montre w jan w ka itilize bwochi sa a pou w jwenn repons Bib la bay pou kesyon ou chwazi a.” Pou n montre moun nan kòman nou fè etid la, egzamine youn oubyen de paragraf ansanm avè l epi egzamine tèks yo ekri “li” devan yo a. Konsa, li fasil pou n kòmanse yon etid biblik! Kite bwochi a ak moun nan, epi pran randevou pou n retounen vizite l. Lè n fin egzamine leson an, nou ka egzamine yon lòt leson moun nan chwazi oubyen nou ka ale nan kòmansman bwochi a.