Yon nouvo bwochi pou nou ofri moun yo!
1. Ki piblikasyon nou pral ofri moun yo nan mwa novanm nan, e poukisa yo fè piblikasyon sa a?
1 Nan kongrè distri pou ane 2009 la ki te gen tit: “Kontinye veye”, te gen yon nouvo bwochi ki te parèt, li te gen tit: La Bible — Quel est son message? Pandan mwa novanm nan, tout kongregasyon nan lemonnantye pral ofri moun yo bwochi sa a pou premye fwa. Kòman piblikasyon sa a pral itil moun nan tèritwa a? Pifò moun, sitou sa ki pa nan relijyon kretyen yo, pa konnen anpil bagay sou Bib la. Se sa k fè, nan paj 3 a yo esplike rezon ki fè yo fè bwochi a se pou yo ka bay moun yo “yon rezime jeneral sou Bib la.”
2. Ki sa nou ka di pou nou prezante moun yo bwochi a?
2 Fason pou nou prezante l: Pa egzanp, nou ka di moun nan: “Mwen ta renmen tande opinyon w sou pawòl nou pral li nan vèsè sa a. [Li 2 Timote 3:16.] Gen anpil moun ki dakò ak pawòl sa yo, men gen lòt moun ki panse Bib la se jis yon bon liv. E ou menm ki sa w panse de Bib la? [Kite moun nan reponn.] Kèlkeswa kwayans nou genyen, nou gen bonjan rezon pou nou egzamine Bib la pèsonèlman. [Li paragraf entwodiksyon ki anlè nan paj 3 a.] Pandan w ap li bèl rezime yo fè sou Bib la nan bwochi sa a, ou pral wè yon bagay ki enteresan: Bib la gen yon tèm jeneral e li gen yon mesaj jeneral ladan l.”
3. Bay yon lòt prezantasyon nou ka itilize sitou nan tèritwa kote gen anpil moun ki nan relijyon ki pa kretyen.
3 Men yon lòt fason nou ka prezante bwochi a, sitou lè n ap preche nan tèritwa kote gen anpil moun ki nan relijyon ki pa kretyen. Nou ka di moun nan: “Mwen ta renmen konn opinyon w sou pawòl sa a nou jwenn nan Ekriti yo (oubyen nan liv sakre sa a). [Li Sòm 37:11.] Daprè ou menm ak ki sa tè a pral sanble lè pwofesi sa a reyalize? [Kite moun nan reponn.] Sa nou li nan vèsè sa a se yon egzanp nan espwa ak rekonfò yon moun ka jwenn nan Bib la kèlkeswa kilti l e kèlkeswa kwayans li.” Li paragraf 3 a ak moun nan, apre sa, ofri l bwochi a.
4. Kòman nou ka itilize bwochi a pou nou kòmanse yon etid biblik?
4 Kòmanse yon etid biblik: Lè nou retounen vizite yon moun, nou ka fè l sonje konvèsasyon nou te genyen avè l la, e nou ka egzamine youn oubyen de paragraf nan sijè nou te pale ak li a, sèvi ak kesyon ki nan fen seksyon nou te chwazi a. Oubyen si nou vle tou prezante moun nan liv Sa Labib anseye a, nou ka li enfòmasyon ki nan do bwochi a ak li, nou ka lonje liv la ba li, mande l ki chapit ki enterese l epi egzamine youn oubyen de paragraf nan chapit sa a ak li. Nou swete pou nou tout patisipe ak tout nou menm nan kanpay nou pral fè pou nou ofri moun yo bwochi sa a pandan mwa novanm nan!