Yon fason nou ka sèvi ak bwochi La Bible — Quel est son message?
Gen anpil moun nan tèritwa nou ki pa fin konn Bib la, sitou moun ki fè pati relijyon kote moun yo pa kretyen. Gen kèk pwoklamatè ki sèvi ak bwochi Message de la Bible la lè y ap etidye ak moun konsa nan liv Sa Labib anseye a pou yo ede yo gen yon ide jeneral sou Bib la. Pa egzanp, gen yon frè ki egzamine premye pati bwochi a ak moun yo lè l ap fè chapit 3 nan liv Sa Labib anseye a avèk yo. Apre sa, li egzamine yon lòt pati nan bwochi a apre chak etid. Èske n ap etidye ak yon moun ki prèske pa konn anyen nan Bib la oubyen ki pa konn anyen ditou ladan l? Pou nou ede l aprann sa k nan ‘liv sakre sa a, yon liv k ap ba l sajès pou pèmèt li delivre’, egzamine bwochi Message de la Bible la avè l pandan n ap etidye liv Sa Labib anseye a ansanm ak li. — 2 Tim. 3:15.