Konsève yo
Entwodiksyon yo ban nou pou predikasyon
Ki jan pou nou sèvi avèk paj mitan sa a
Pifò nan entwodiksyon ki vini annapre yo te deja parèt nan ansyen Ministè Wayòm yo. Eseye sèvi avèk yo otan w kapab lè w ap preche, e gade pou w wè ki rezilta w jwenn. Sere paj mitan sa a, epi sèvi avè l lè w ap prepare w pou w al preche.
Ou kapab fè yon moun enterese nan Pawòl Bondye, si w pa pèdi tan pou w di l sa w ap di li a. Poze moun nan yon kesyon byen presi, epi li repons tou kout Bib la bay. Ou ta kapab eseye sijesyon sa yo :
“ Lè w ap reflechi sou demen, èske w santi w gen plis espwa, oubyen èske se dout k ap domine w ? [Kite moun nan reponn.] Bib la te predi sa n ap wè jodi a, anpalan de yon seri evènman ki t apral bay kè kase, e li predi kote sa ap mennen. ” — 2 Tim. 3:1, 2, 5 ; Pwo. 2:21, 22.
“ Jodi a, moun yo enkyete yo anpil pou sante yo. Èske w te konnen Bondye pwomèt pou l rezoud tout pwoblèm sante nèt ? ” — Iza. 33:24 ; Rev. 21:3, 4.
“ Èske w te konnen Bib la te predi t apral genyen yon sèl gouvènman k ap dirije lemonnantye ? ” — Dan. 2:44 ; Mat. 6:9, 10.
“ Nan ki kondisyon w panse nou t ap viv si se Jezi Kris ki t ap dirije tè a ? ” — Sòm 72:7, 8.
“ Gen anpil moun ki viktim paspouki, poutèt yo se fi oswa poutèt yo se gason, poutèt relijyon yo oswa poutèt koulè po yo. Ki jan w panse Bondye santi l lè moun gen prejije konsa? ” — Tra. 10:34, 35.
“ Nou konnen Jezi Kris te fè anpil mirak lè l te sou latè. Si w ta gen posiblite mande l fè yon lòt mirak ankò, ki mirak ou ta mande l fè ? ” — Sòm 72:12-14, 16.
“ Pifò moun bouke tande pale de pwoblèm. Yo ta renmen tande moun ap pale de solisyon pito. Men ki bò nou ka jwenn bonjan solisyon pou pwoblèm nou yo ? ” — 2 Tim. 3:16, 17.
“ Èske w ka idantifye Wayòm n ap priye pou li nan priyè Notre Père la ? ” — Rev. 11:15.
Baz pou w kòmanse konvèsasyon
Lis kesyon ki anba yo soti nan liv Comment raisonner a. Chif ki ant parantèz yo montre nan ki paj liv la nou jwenn repons yo :
Èske se tout moun ki bon ki pral nan syèl ? (61)
Èske se nan syèl sèlman pou yon moun ale pou l viv ak kè kontan ? (62)
Èske gen bonjan rezon pou nou kwè nan Bondye ? (106)
Èske Bondye gen sousi pou sa k ap pase lèzòm ? (107)
Èske Bondye se yon moun toutbon ? (108)
Poukisa li enpòtan pou w konnen non Bondye e pou w sèvi avèk li ? (200)
Èske Jezi se li ki Bondye a ? (205)
Ki sa de moun ki marye kapab fè pou yo amelyore maryaj yo ? (229)
Poukisa gen mechanste konsa sou tè a ? (237)
Kiyès k ap gouvènen monn nan, Bondye oswa Satan ? (250)
Poukisa n ap vyeyi, poukisa n ap mouri ? (253)
Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye ? (255)
Èske tout relijyon yo bon nan je Bondye ? (310)
Ki jan yon moun ka fè konnen ki relijyon ki bon ? (316)
Ki sa Wayòm Bondye a pral fè ? (336)
Èske Satan gen anpil enfliyans sou monn n ap viv la ? (368)
Poukisa Bondye kite moun ap soufri ? (375)
Pou ki rezon n ap viv ? (434)
Sijesyon yo ban nou pou nou ofri bwochi Bondye vle a
“ Nou sèten w ap dakò avèk nou, anpil moun kwè nan Bondye. Tout moun ki kwè nan Bondye dakò gen bagay li mande pou nou fè. Men, sa moun yo pa ka antann yo sou li a, se ki sa Bondye mande pou nou fè ? ” Annapre, ofri moun nan bwochi Bondye vle a, epi sèvi avèk leson 1 an pou w konvèse ak moun nan.
“ Tèlman gen pwoblèm nan fanmi yo jodi a, èske w janm mande tèt ou ki sekrè ki genyen pou yon moun reyisi viv ak kè kontan ansanm ak tout manm fanmi l ? ” Apre moun nan fin reponn, fè l konnen, anndan Bib la, Bondye bay vrè sekrè pou fanmi yo viv ak kè kontan. Li Izayi 48:17 ak moun nan. Annapre, vire nan leson 8 ki nan bwochi Bondye vle a, epi montre kèk pasaj biblik yo site, ki bay bonjan gid pou chak manm fanmi an. Li lis kesyon ki nan kòmansman chak leson. Mande moun nan si l pa ta renmen li repons yo.
“ Bwochi sa a se yon seri leson konplè ki fè yon rale sou ansèyman elemantè ki nan Bib la. Nan chak paj, w ap jwenn repons kesyon k ap twouble moun depi dè syèk, tankou keysyon sa a ki di : ‘ Ki objektif Bondye genyen pou latè ? ’ Vire nan leson 5 lan, epi li kesyon ki nan kòmansman leson an. Mande moun w ap pale avè l la, kiyès ladan yo ki enterese l pi plis, epi li paragraf ki kòresponn ak kesyon sa yo. Pa bliye gade vèsè ki apwopriye yo. Eksplike moun nan, nou kapab jwenn repons lòt kesyon ankò byen fasil, menm jan nou sot jwenn repons kesyon sa a. Di moun nan ou ta renmen retounen pou w reponn yon lòt kesyon.
“ Èske w panse tout vyolans ki genyen yo se movèzespri yo ki lakòz, oubyen èske se paske paran yo manke bay pitit yo fòmasyon ? ” Kite moun nan reponn. Si moun nan di se “ movèzespri yo ki lakòz ”, li Revelasyon 12:9, 12. Atire atansyon moun nan sou wòl Dyab la nan simen dezòd ak konfizyon nan monn nan. Ouvri bwochi Sa Bondye vle a nan leson 4, epi mande moun nan si l te janm konn mande tèt li ki kote Dyab la soti. Ou mèt li de premye paragraf yo epi fè yon ti pale sou yo. Si moun nan di “ se paran yo ki manke bay pitit yo fòmasyon ” ki fè gen anpil vyolans, li 2 Timote 3:1-3 avèk li, epi montre ki defo moun yo genyen ki lakòz pwoblèm sa a. Ouvri bwochi Sa Bondye vle a nan leson 8, li paragraf 5 lan, epi kontinye konvèsasyon an.
“ Èske w panse li rezonab pou nou atann Kreyatè a ap ban nou konesans nou bezwen pou nou travay pou nou reyisi lavi fanmi nou ? ” Apre moun nan fin reponn, rale bwochi Bondye vle a. Vire nan leson 8 la, epi eksplike moun nan, bwochi a gen prensip ki soti nan Bib la pou chak manm nan fanmi an. Ofri moun nan pou w ba l yon aktyalite sou ki jan l kapab sèvi ak bwochi a ansanm ak Bib la pou l jwenn maksimòm pwofi.
“ Avèk tout difikilte n ap fè fas nan lavi jounen jodi a, èske w panse lapriyè kapab ede nou toutbonvre ? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun di, lapriyè ba yo yon fòs pa anndan. [Li Filipyen 4:6, 7.] Epoutan, yon moun kapab santi priyè pa l yo pa jwenn repons. [Ouvri bwochi Bondye vle a nan leson 7 la.] Bwochi sa a eksplike ki jan lapriyè kapab itil nou plis toujou. ”
“ Nou t ap pale ak vwazen yo sou rezon ki fè gen tout kalite relijyon konsa sou tè a, alòske se yon sèl Bib la ki genyen. Daprè ou menm, poukisa gen konfizyon konsa nan relijyon yo ? [Kite moun nan reponn. Ouvri bwochi Bondye vle a nan leson 13 la, epi li premye kesyon yo.] W ap kontan jwenn repons kesyon sa yo lè w li leson sa a. ”
Apre w fin kite peryodik La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan men yon moun, di l ou ta renmen li yon paragraf tou kout pou li. Si l pèmèt ou fè sa, ouvri bwochi Bondye vle a nan leson 5 lan. Atire atansyon l sou kesyon ki nan kòmansman leson an, epi mande l pou l koute repons yo bay anndan premye paragraf la pou premye kesyon an. Apre w fin li paragraf la, poze kesyon an, epi koute repons li bay. Ofri l bwochi a, e si l dakò, pran randevou avè l pou w retounen vin koute ki jan l ap reponn de lòt kesyon ki nan lis la.
Sijesyon yo ban nou pou nou ofri liv Konesans lan
Etan Bib nou nan men nou, nou kapab kòmanse konvèsasyon an konsa : “ Jodi a, n ap li yon vèsè nan Bib la ak chak moun nan katye a. Men sa vèsè a di [...] ” Epi nou li Jan 17:3. Annapre, nou ka mande moun nan : “ Èske w remake ki pwomès ki makònen ak bonjan konesans lan ? [Kite moun nan reponn.] Daprè ou menm, ki kote yon moun kapab jwenn yon konesans konsa ? ” Apre moun nan fin reponn, montre l liv Konesans lan, epi di l : “ Liv sa a atire atansyon nou sou konesans k ap fè nou jwenn lavi etènèl la. Pou l fè sa, li reponn kesyon moun plis abitye poze konsènan Bib la. ” Montre moun nan lis chapit yo, epi mande l si l janm konn poze tèt li kesyon sou sijè konsa.
“ Èske w janm mande tèt ou si sa pa di Bondye anyen pou l ap gade enjistis ak lasoufrans k ap fèt sou tè a ? [Kite moun nan reponn.] Bib la asire nou Bondye renmen nou, e l ap ede nou nan moman difisil nou twouve nou. ” Li kèk moso nan Sòm 72:12-17 ak moun nan. Ouvri liv Konesans lan nan chapit 8 la, epi montre l repons ki rekonfòte nou konsènan yon kesyon plizyè milyon moun ap poze tèt yo : “ Poukisa Bondye pèmèt lasoufrans ? ” Si sa posib, fè yon ti konvèsasyon sou kèk panse biblik nou jwenn nan paragraf 3-5. Oswa nou ka prefere fè sa lè nou vizite moun nan ankò.
“ Pifò nan nou gen moun nou renmen ki mouri. Èske w janm mande tèt ou si nou ka rewè yo ankò ? [Kite moun nan reponn.] Jezi Kris te bay prèv moun nou renmen yo ka soti anba pouvwa lanmò. [Li Jan 11:11, 25, 44.] Menmsi sa fè plizyè syèk depi evènman sa a te pase, li ban nou yon amòs sou sa Bondye pwomèt l ap fè pou nou. ” Ouvri liv Konesans lan nan paj 85, montre l imaj la, epi li kòmantè yo fè sou imaj la. Annapre, montre l imaj ki nan paj 86 la epi fè kòmantè sou li. Poze baz pou yon lòt vizit, pandan w mande l : “ Èske w ta renmen konnen rezon ki fè moun vyeyi, moun mouri ? ” Retounen pou w fè konvèsasyon sou chapit 6 la.
“ Èske w janm poze tèt ou kesyon poukisa lèzòm anvi viv pi lontan ? ” Apre moun nan fin reponn, ouvri liv Konesans lan nan chapit 6, epi li paragraf 3. Rezone avèk moun nan sou vèsè yo site yo. Fè yon ti koudèy nan de kesyon ki nan fen paragraf la, epi mande moun nan si l ta renmen konnen repons kesyon sa yo ? Si moun nan dakò, fè yon ti pale avè l sou lòt paragraf yo.
“ N ap mande moun yo si yo kwè nan bagay sa a [...] ” Li Jenèz 1:1, epi mande l : “ Èske w dakò ak sa ki di la a ? ” Si moun nan dakò, lè sa a, ou kapab di : “ Mwen menm tou. Toutfwa, èske w panse, piske se Bondye ki kreye tout bagay, se li ki responsab mechanste ? ” Apre w fin kite moun nan reponn, li Eklezyas 7:29 avè l. Ouvri liv Konesans lan nan chapit 8, epi li paragraf 2 a. Si moun nan pa dakò avèk sa l li nan Jenèz 1:1, ankouraje l pou li egzamine prèv ki demontre kreyatè a egziste toutbonvre. — Gade liv Comment raisonner a nan paj 72-4.
“ W ap dakò avèk mwen, prensip moral jounen jodi a tèlman ap chanje rapidman, nou bezwen yon gid nou ka fè konfyans ki pou gide nou nan lavi a. Èske se pa vre ? [Kite moun nan reponn.] Menmsi Bib la se liv ki pi ansyen ki egziste, li bay konsèy pou ede nou viv byen an fanmi jodi a. ” Annapre, fè yon vire nan chapit 2 nan liv Konesans lan, epi li paragraf 10 la. Li premye fraz nan paragraf 11 la, etan w ap sèvi ak 2 Timote 3:16, 17.
“ Èske w ta renmen konnen ki sa demen sere pou nou menm, ki sa l ap pote pou tè a ? [Kite moun nan reponn.] Bib la rezime lavi k ap gen demen an nan yon sèl mo : Paradi ! Se yon kote konsa Bondye te mete de premye mesye dam yo lè l te kreye yo. Gade ki jan yo eksplike fason li te dwe ye. ” Ouvri liv Konesans lan nan paj 8, epi li paragraf 9 la, anba soutit ki di “ Lavi nan Paradi ” a. Annapre, fè yon ti konvèsasyon sou pwen nou jwenn nan paragraf 10 la, epi li Izayi 55:10, 11 yo site a. Ofri moun nan pou w kontinye pale avèk li, sou jan lavi nan paradi restore a pral ye. Sèvi ak paragraf 11-16 pou w fè sa.
Lè n ap vizite moun nou te kite La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan men yo, men sa nou ta kapab di :
“ Dènye fwa m te vizite w la, mwen te byen kontan kite yon La Tour de Garde nan men w. Petèt ou ka remake tit li okonplè se La Tour de Garde annonce le Royaume de Jéhovah. Jodi a, mwen ta renmen eksplike w ki sa Wayòm nan ye, e ki sa l ap pote pou ou menm ak fanmi pa w. ” Annapre, ouvri bwochi Bondye vle a nan leson 6, li kantite paragraf ou kapab, epi dyaloge ak moun nan selon kantite tan li dispoze.
“ Dènyèman, mwen te vizite w, e mwen te kite kèk La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan men w. Jounal sa yo fè nou vin gen plis respè pou Bib la ak prensip moral ki gen ladann. Piske m konnen li esansyèl pou chak moun rive byen konprann Pawòl Bondye, mwen retounen pou m montre w yon bagay k ap ede w fè sa. ” Ofri moun nan bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan, epi ofri l yon etid biblik.
Lè n ap sèvi avèk nenpòt liv 192 paj, nou ta gen dwa eseye prezantasyon sa a :
“ Anpil moun ensiste sou nesesite pou yon moun fè bonjan etid. Daprè ou menm, ki kalite fòmasyon yon moun ta dwe pousuiv pou l ka sèten l ap jwenn bonjan kè kontan, e pou l reyisi nan lavi l ? [Kite moun nan reponn. Apresa, li Pwovèb 9:10, 11.] Liv sa a baze sou Bib la. [Di tit liv w ap ofri a.] Li atire atansyon nou sou sèl sous konesans ki kapab mennen nan lavi etènèl la. ” Montre moun nan yon pwen presi nan liv la, epi ankouraje l pou l li l.
Lòt piblikasyon
Nou ka jwenn lòt sijesyon pou nou prezante lòt liv ak lòt bwochi, nan Index des publications de la Société Watchtower anba soutit sa yo :
Présentation
Liste par Publication
Metòd dirèk
Ou kapab kòmanse yon etid biblik etan w ap eseye youn nan metòd dirèk sa yo :
“ Èske w konnen, nan kèk minit sèlman, ou kapab jwenn repons yon kesyon enpòtan ki soti nan Bib la ? Pa egzanp,... ” Annapre, poze moun nan yon kesyon ki parèt nan kòmansman youn nan leson ki nan bwochi Bondye vle a, ou panse ki ta kapab enterese moun w ap pale avè l la.
“ Mwen vini la a pou m montre w pwogram etid Labib gratis n ap ofri moun yo. Sa ap pran m sèlman senk minit pou m montre w sa. Èske w ka akòde m tan sa a ? ” Si moun nan dakò, sèvi avèk leson 1 nan bwochi Bondye vle a, pou w montre moun nan ki jan etid la fèt. Li sèlman youn oswa de vèsè ou te gen tan chwazi. Apresa, mande moun nan : “ Ki lè w panse w ap jwenn kenz minit konsa, pou nou kapab fè leson ki vin annapre a ? ”
“ Anpil moun gen Bib nan men yo, men, yo pa reyalize Bib la gen repons yon pakèt kesyon enpòtan nou tout n ap poze tèt nou sou demen. Lè nou sèvi ak zouti sa a [bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan], pandan anviwon inèdtan pa semèn, w ap kapab konprann bagay elemantè ki nan Bib la. Apèn si sa ap pran kèk mwa. Mwen ta byen kontan montre w ki jan pwogram sa a mache. ”
“ Mwen vin vizite w pou m ofri w yon kou Labib gratis. Si w pèmèt mwen fè sa, m ap byen kontan pran jis kèk minit pou m montre w ki jan nan 200 peyi anviwon, moun ap konvèse sou Bib la lakay yo an fanmi. Nou ka sèvi ak nenpòt nan tit sa yo kòm baz pou konvèsasyon an. [Montre moun nan lis chapit ki nan liv Konesans lan.] Kiyès ladan yo ki enterese w ? ” Tann moun nan chwazi youn. Ale nan chapit sa a, epi kòmanse etid la nan premye paragraf la.
“ M ap bay moun leson Labib gratis, e mwen gen plas pou kèk etidyan ankò. Nou sèvi avèk èd sa a pou moun etidye Labib. Montre moun nan liv Konesans lan. Kou a dire sèlman kèk mwa e li reponn yon pakèt kesyon tankou : Poukisa Bondye pèmèt lasoufrans ? Poukisa moun vyeyi e poukisa moun mouri ? Ki sa defen nou te renmen yo devni ? Epi, kouman pou w pwoche kote Bondye ? Èske m kapab montre w ki jan etid la fèt ? ”
Nòmalman, si w remake gen yon prezantasyon ki bay bon rezilta, yon prezantasyon ki fè laverite enterese moun w ap pale avè l la, kontinye sèvi avè l ! Sèlman, sonje adapte li, selon piblikasyon w ap ofri pou mwa a.