Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa septanm : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Oktòb : Abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Novanm : Ki sa Bondye vle nou fè ? osinon Ce que Dieu attend de nous oubyen La connaissance qui mène à la vie éternelle. Desanm : La connaissance qui mène à la vie éternelle ak Traduction du monde nouveau.
◼ Pandan w nan predikasyon, ou kapab rankontre yon moun ki soud. Si gen yon gwoup oswa yon kongregasyon nan zòn ou ki itilize lang siy, nou kapab swiv enstriksyon yo bay nan Ministè Wayòm mwa me 1999, paj 2. Si chak pwoklamatè aktif pou kowopere nan sans sa a, moun ki soud yo ap jwenn èd espirityèl yo bezwen.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon moun li chwazi kapab verifye kont kongregasyon an 1e septanm oswa osito apre sa posib. Lè yo fin fè sa, fè yon anons pou kongregasyon an annapre, nan pwochen okazyon y ap li rapò kont lan.
◼ Ansyen yo ap sonje pou yo swiv enstriksyon nou jwenn nan La Tour de Garde 15 avril 1991, paj 21-3 konsènan nenpòt eskli oswa nenpòt moun ki te fè retrè volontè, ki ta vle reyentegre.
◼ Li enpòtan pou gwoup ki gen 10 moun oswa plis pase 10 ki ap fè pwojè pou vizite enstalasyon Lasosyete yo voye yon nòt nan filyal la anvan.
◼ Moun ki fè pati yon kongregasyon dwe voye tout nouvo abònman ak tout renouvèlman pa mwayen kongregasyon an.
◼ Sosyete a pap egzekite kòmann pèsonèl moun fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa anvan yo voye kòmann piblikasyon manswèl kongregasyon an bay Sosyete a. Konsa tout moun ki enterese gen sèten piblikasyon pèsonèl kapab fè frè ki okipe piblikasyon an konn sa.
◼ An 1998, kongrè distri ak kongrè entènasyonal “ Chemen Bondye se chemen lavi ” te yon benediksyon toutbonvre pou tout moun ki te asiste kongrè sa yo. Pami moun ki te prezan yo, te gen 2 764 misyonè ak volontè entènasyonal ki te gen posiblite vizite peyi lakay yo grasa ofrann jenere kongregasyon yo te fè. Se pa ti apresye nou te apresye soutni nou te soutni dispozisyon sa a. Piske kongrè sa yo fini, yo pral sèvi ak rès kòb ki rete nan fon yo te bay yo pou soutni travay mondyal la.
◼ Apati 1e septanm 1999, La Tour de Garde, antanke edisyon manswèl, pral disponib nan lang kazaks.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Prêtons attention à la parole prophétique de Daniel —anglè, espanyòl, fransè
Index des publications de la Société Watch Tower 1998 —anglè
Volume relié La Tour de Garde 1998 —anglè