Repons kesyon w yo
◼ Èske nou prepare pou ka ijan ?
Nan monn modèn nan, “ tan ak evènman enprevi ” kapab konbine souvan pou kreye yon ijans medikal, ansanm ak presyon pou pran yon transfizyon san (Ekl. 9:11). Pou nou kapab prepare nou pou nou fè fas ak difikilte sa yo, Jewova, pa mwayen òganizasyon l lan, founi èd divès fason, men li atann pou nou jwe wòl pa nou. Pi ba a n ap jwenn yon lis sijesyon ki kapab ede nou.
• Pote kat Instructions Médicales préalables/Décharge nan tout okazyon.
• Veye pou pitit nou pote avèk yo Carte d’Identité ki poko ekspire.
• Egzamine ankò paj mitan Le ministère du Royaume septanm 1992 la ankò, ki repete jan pou n rezone ak doktè yo ak jij yo konsènan tretman pou pitit nou.
• Egzamine atik ki pale sou posiblite yon moun genyen pou l pran yon pati nan konpozan san an, ak atik ki pale sou ranplasman san an. (Atik rekòmande : La Tour de Garde, 1e oktòb 1994, paj 31 ; 1e jen 1990, paj 30-1 ; 1e mas 1989, paj 30-1 ; Réveillez-vous ! 8 desanm 1994, paj 23-7 ; 8 out 1993, paj 22-5 ; 22 novanm 1991, paj 10 ; paj mitan Le ministère du Royaume septanm 1992 ak paj mitan Le ministère du Royaume novanm 1990. Kenbe yo nan yon dosye pou yo sou lamen.)
• An tout konsyans, deside si w ap pèmèt yo sèvi ak aparèy pou sikilasyon san andeyò kò a oswa si w kapab asepte pwodwi ki konpoze an pati ak san. (Si w ap ranpli yon fòmilè “ Instructions médicales et procuration relative aux soins médicaux ” yo rekòmande, w ap remake gen plas sou fòmilè a pou w chwazi pwòp tretman pa w sou baz sa w konnen.)
• Anvan w al lopital, si sa posib, fè ansyen yo konnen pou yo kapab apiye w epi kontakte Komite lyezon ospitalye a (KLO), si sa nesesè. Nan ka se yon jèn timoun, mande ansyen yo pou yo fè KLO a konnen sa touswit.
Montre klè ou refize pran san : Rapò yo montre gen sèten frè ak sè ki tann dènye moman an pou yo di doktè k ap swaye yo a yo pa vle pran san. Se pa onèt anvè pèsonèl medikal la, epi se yon ris ou pran pou yo ba w san an. Si doktè yo konnen gen dokiman nou siyen ki bay sa pou yo fè egzakteman, ki apiye konviksyon nou ak sa nou ta renmen, sa ap ede yo aji san delè, e souvan sa ap ba yo plis posiblite pou yo fè tretman medikal la san transfizyon.
Piske yon ijans medikal kapab rive nenpòt lè, souvan lè nou pi pa atann, depi kounye a pran dispozisyon pou pwoteje tèt nou ak pitit nou anba yon transfizyon san. — Pwov. 16:20 ; 22:3.