BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/99 p. 8
  • Ki sa pou n di yon Endou ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou n di yon Endou ?
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Èske w sèvi ak bwochi sa yo?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Fason pou nou ede moun ki poko pare pou etidye liv Sa Labib anseye a
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Entwodiksyon yo ban nou pou predikasyon
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Prezantasyon yo sijere pou predikasyon
    Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 1999
km 9/99 p. 8

Ki sa pou n di yon Endou ?

1 Kòm nou konnen, gen anpil Endou k ap viv nan divès peyi, menm jan ak peyi pa nou. Sa vle di to ou ta w ap rankontre ak yon Endou nan egzèsis ministè w. Lè w rankontre youn, ki jan w apral abòde l ?

2 Sonje pwen sa yo : Misyonè ki jwenn siksè nan bay Endou temwayaj di li pa nesesè pou w etidye relijyon Endou a an pwofondè pou w kapab bay yon temwayaj efikas. Lè w prezante verite a yon fason senp, avèk tak, sa konn debouche souvan sou reyaksyon pozitif. Toudabò, mande pou w pale ak mèt kay la. Si l reponn ou byen, l ap pi fasil pou w pale ak lòt manm nan fanmi an. Okòmansman, evite pou w pa lese moun yo sipoze mesaj ou pote a pi siperyè pase sa mèt kay la kwè, oubyen kòmkwa ou vle pale de sèl vrè Dye a oubyen sou ekri sakre ki pi ansyen yo. Etandone pou anpil Endou Bib la se yon liv ki soti ann oksidan, ou kapab ranvèse prejije a lè w eksplike Bib la pa ankouraje kolonyalis oswa siperyorite yon ras sou yon lòt.

3 Sèvi ak bon zouti : Gen de bwochi yo te prepare espesyalman pou Endou. Yo te enprime Poukisa nou dwe adore Bondye nan lanmou ak laverite ? an Goujarati e an Pendjabi. Yo te enprime Nos problèmes qui nous aidera à les résoudre ? nan 11 lòt lang endyen ankò. Yo toulede disponib ann anglè. Bwochi “ Voici! Je fais toutes choses nouvelles ” ak Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? pwouve yo efikas tou lè n ap preche moun ki gen fòmasyon endou. Nou kapab itilize bwochi Sa Bondye vle a, oswa bwochi Attend ak liv Connaissance lan, avèk siksè pou kondi etid biblik.

4 Etabli yon teren antant : Li pa difisil pou n jwenn yon teren antant ak Endou yo. Yo kwè n ap viv nan yon tan kote mechanste a rive nan tobout li, e yo kwè Bondye pral debarase lemonn ak pwoblèm ki gen ladann yo nan yon gwo katastwòf, answit gen yon peryòd laverite k ap vini. Nou kapab fasilman wè fason ansèyman Bib la koresponn ak kawyans sa yo konsènan dènye jou yo, gwo tribilasyon an ak monn nouvo k ap vini an. Etandone laplipa Endou anvizaje lavi a kòm yon seri pwoblèm ki pa gen solisyon, yo enterese pou yo pale sou lavi fanmi, yo enterese pale sou krim, e yo enterese pale sou sekirite ak sou sa k rive lè moun mouri. Men de modèl prezantasyon nou te ka eseye.

5 Sa kapab atire yon nonm ki gen yon fanmi :

◼ “ M ap vizite moun ki gen enkyetid sou jan sitiyasyon lavi fanmi an ye nan anpil peyi jodi a. Ki sa w panse ki kapab ede yon fanmi rete ansanm san l pa divize ? [Kite moun nan reponn.] Gen moun ki konnen sa liv endou yo di sou lafanmi, men yo pa janm gen okazyon konpare sa yo di a ak sa Bib la di sou sijè a. Mwen ta renmen pataje panse nou jwenn nan Kolosyen 3:12-14 la avèk ou. ” Apre ou fin li tèks la, montre mèt kay la chapit 15 liv Connaissance lan, epi di : “ Mwen ta renmen pran yon ti tan pou m li chapit sa a avèk ou. ”

6 Yon jèn moun te kapab byen reyaji devan sijè sa a :

◼ “ Sandout ou kwè nan Bondye. Ki objektif ou panse Bondye genyen pou nou ? ” Kite l bay yon repons. Lèfini li Jenèz 1:28, epi di : “ Nan anpil zòn, tè a vin gen twòp moun e tè a wonje anba pwoblèm. Èske w panse Kreyatè a ta renmen ede nou rezoud pwoblèm nou yo ? ” Apre ou fin tande repons la ale nan yon piblikasyon apwopriye.

7 Rezilta pozitif ankourajan : Yon jennonm Endou 22 an te pwoche bò kote yon sè ki t ap preche nan yon mache, e li te mande yon etid biblik. Jennonm nan te eksplike l, sa gen uit an, paraza li te tande yon konvèsasyon ant manman l ak sè a. Kwak repons pratik Bib la bay sou pwoblèm limanite yo te enpresyone jennonm nan, manman l pa t enterese e li menm li te santi l twò jèn pou l kontinye chèche laverite a pou kont li. Kounye a, kòm li majè, li te vle aprann plis. Jennonm nan pa t pèdi tan. Nan 23 jou sèlman, li tèmine etid liv Connaissance lan e, egzakteman kat mwa apre li te rankontre sè a nan mache a, li mande pou l batize !

8 Yon frè te kòmanse yon etid ak yon mesye Endou li te rankontre nan yon tren. Mesye a t ap pase anba difikilte nan maryaj li. Li te gen yon pwoblèm bwè twòp tou. Mesye a te dakò pou Temwen yo vizite l pou pataje konsèy Bib la bay sou lavi fanmi avè l. Ansèyman moral Bib la te atire l, e li te dakò pou l etidye. Li menm ak fanmi l te kòmanse asiste reyinyon ansanm. Apresa, yo te pataje laverite a ak zanmi yo, ak paran yo. Nan moman n ap pale la a, sis nan moun sa yo gentan asepte laverite a !

9 Volonte Bondye se pou “ tout kalite moun sove e pou yo rive jwenn yon konesans egzat sou laverite a ”. (1 Timote 2:4.) Sa anglobe gason ak fanm k ap pratike yon relijyon ki pa kretyen, tèlke relijyon Endou a. Si gen Endou nan tèritwa pa w la, poukisa w pa vizite yo san pèdi tan epi sèvi ak kèk nan sijesyon yo prezante nan atik sa a ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje