Èske w konnen diferan posiblite w genyen yo ?
De jou an jou, gen plis lopital Ozetazini ki fè operasyon san yo pa fè transfizyon. Nou dwe byen konnen diferan tretman ki disponib nan domèn medsin, tretman kote yo pa sèvi ak san. E ou menm, èske w konnen diferan tretman ki disponib ann Ayiti ? Nou dwe byen enfòme pou nou ka pran bon desizyon anrapò ak tretman medikal e anrapò ak operasyon. Gade videyo Pas de sang : la médecine relève le défi a. Apre sa, priye konsènan desizyon w gen pou w pran epi sèvi ak kesyon ki pi ba yo pou w fè revizyon sou sa w te aprann yo. Remak : Kòm gen kèk kote nan videyo a yo montre kèk ti bout sèn kote y ap fè operasyon, paran yo ta dwe pran prekosyon lè y ap gade l avèk timoun piti.
1) Ki prensipal rezon ki fè Temwen Jewova yo refize pran san ? 2) Nan domèn medikal, ki jan de tretman Temwen Jewova yo ta renmen resevwa ? 3) Ki dwa fondamantal pasyan yo genyen ? 4) Poukisa li rezonab e li saj pou nou chwazi tretman ki pa mande pou nou pran san ? 5) Lè yon moun ap pèdi anpil san, ki de bagay doktè yo dwe fè prese prese ? 6) Site kat prensip doktè yo suiv lè y ap fè tretman san transfizyon san. 7) Ki jan doktè yo kapab a) anpeche moun y ap fè operasyon yo pèdi twòp san, b) fè pou konsève globil wouj yo, c) fè kò pasyan an ogmante kantite san li pwodui e d) rekipere san k ap koule a ? 8) Dekri a) metòd emodilisyon an ak b) teknik pou rekipere san k ap koule a. 9) Ki sa w ta dwe chèche konnen konsènan lòt tretman kote yo pa fè transfizyon san ? 10) Èske li posib pou yo fè gwo operasyon ki konplike san yo pa itilize san ? 11) Ki chanjman pozitif k ap fèt nan sektè medikal la ?
Gen kèk tretman yo montre nan videyo sa a, se chak moun ki pou deside si l ap aksepte yo ann amoni ak konsyans li ki fòme selon prensip ki nan Bib la. Èske w deja chwazi ki tretman e ki teknik ou dispoze aksepte pou ou menm ak pitit ou, e èske w deja ranpli yon kat DPA ? Pou w jwenn tout enfòmasyon sou sijè sa a, avèk atansyon, gade “ Questions des lecteurs ” nan Toudegad 15 jen 2004 (fransè) ak Toudegad 15 oktòb 2000 (fransè). Apre sa, sèvi ak kesyonè ki nan paj mitan Ministè Wayòm Novanm 2006 la ki gen tit “ Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike ? ”, pou w ka pran desizyon w sou tretman ou dwe aksepte oswa refize. Pou fini, asire w ou ekri egzakteman chwa w fè yo sou kat DPA a. Ni moun de konfyans ou chwazi yo ni manm fanmi w ki pa Temwen Jewova dwe byen konnen desizyon ou pran yo.
[Kare nan paj 3]
• Èske w deja chwazi ki tretman e ki teknik ou dispoze aksepte pou ou menm ak pitit ou ?
• Èske w toujou mache ak kat DPA ou te byen ranpli a pou si ta gen yon ijans ?