Èske w di w a gen tan ?
Gentan pou fè ki sa ? Pou ranpli kat DPA yo bay pou Temwen batize yo. Piske “ nou pa konnen sa lavi nou ap ye demen ”, li trèzenpòtan pou nou deside alavans e pou nou fè konnen sou papye ki tretman medikal nou kapab aksepte si nou ta gen yon ijans medikal (Jak 4:14 ; Tra. 15:28, 29). Pou ede nou, yo te pwodui videyo Soigner sans transfuser — Besoins et droits du patient. Gade videyo a, e apre sa, nan lapriyè, sèvi ak kesyon ki pi ba yo pou w fè yon revizyon sou sa w te aprann yo. — Note sa : Piske videyo a gen kèk ti sèn operasyon ladan l, paran yo ta dwe deside si y ap gade videyo a avèk timoun piti yo.
1) Poukisa gen kèk pwofesyonèl nan sektè medikal la k ap rekonsidere kesyon transfizyon san an ? 2) Bay twa egzanp operasyon konplike ki te fèt san transfizyon san. 3) Ki kantite doktè ak chirijyen nan lemonnantye ki montre yo dispoze fè operasyon e trete pasyan yo san transfizyon san ? Poukisa yo dispoze fè sa ? 4) Ki sa dènye rechèch ki fèt nan lopital yo montre konsènan itilizasyon san ? 5) Ki risk ki egziste nan pran san ? 6) Ki konklizyon anpil espesyalis tire konsènan avantaj ki genyen nan tretman ki fèt san yo pa itilize san ? 7) Ki sa ki lakòz moun fè anemi ? Jis nan ki pwen kò a ka tolere yon anemi ? Ki sa ki ka fèt pou diminye efè yon anemi ? 8) Ki sa ki ka fèt pou ede kò yon pasyan pwodui plis globil wouj ? 9) Ki teknik yo konn itilize pou yo anpeche moun k ap sibi operasyon yo pèdi twòp san ? 10) Èske tretman san transfizyon san yo efikas nan ka timoun piti oubyen lè gen ijans, kote lavi yon moun an danje ? 11) Site youn nan prensip moral doktè yo dwe suiv si yo vle bay bonjan swen medikal. 12) Poukisa li enpòtan pou yon kretyen pran desizyon byen alavans sou tretman l ap aksepte apa transfizyon san ? Ki jan li ka fè sa ?
Lè yon moun aksepte kèk nan tretman yo te montre nan videyo a se yon desizyon pèsonèl li pran annakò ak konsyans li ki byen edike grasa Labib. Èske w pran yon desizyon presi konsènan ki tretman medikal ou dispoze aksepte pou tèt ou e pou pitit ou ? Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa yo gade “ Questions des lecteurs ” nan Toudegad 15 jen 2004 (fransè) ak 15 oktòb 2000 (fransè) e nan paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006 la ki gen tit : “ Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike ? ” Ni moun ou chwazi kòm “ personne de confiance ” lan ni moun ou chwazi kòm “ personne de confiance remplaçante ” lan, ni manm fanmi w ki pa Temwen, yo tout ta dwe byen enfòme konsènan desizyon w pran an.