Yon kasèt videyo ki pale de yon lòt oryantasyon medikal
Sèjousi, pwofesyonèl ki nan domèn lajistis ak sa ki nan domèn medikal vin bay opinyon pasyan yo ak dwa yo genyen plis konsiderasyon. Tout efò sa yo vin debouche sou lòt kalite tretman ak lòt kalite metòd ki pwofitab pou Temwen Jewova yo (Tra. 15:28, 29). Kasèt videyo Soigner sans transfuser : besoins et droits du patient pale sou sa. Gade l epi fè yon ti revizyon sou sa w aprann. Remak : Kòm gen kèk kote videyo a montre ti bout sèn kote y ap fè operasyon, l ap bon pou paran yo pran prekosyon lè y ap gade l ak timoun piti.
1) Poukisa moun k ap travay nan domèn medikal kòmanse rekonsidere kesyon transfizyon san an ? 2) Site egzanp twa operasyon konplike ki te fèt san transfizyon. 3) Ki kantite doktè ak chirijyen nan lemonnantye ki montre yo dispoze fè operasyon san transfizyon ? Poukisa yo dispoze fè sa ? 4) Ki sa rechèch yo fè tou dènyèman revele sou kesyon itilize san nan lopital yo ? 5) Ki risk ki genyen nan kesyon transfizyon an ? 6) Ki konklizyon anpil espesyalis tire sou bon kote lòt tretman ki egziste apa transfizyon san yo ? 7) Ki sa ki lakòz moun fè anemi ? Jis nan ki pwen kò a ka tolere anemi ? Ki sa ki ka fèt pou diminye efè anemi an ? 8) Ki sa ki ka fèt pou ede kò a pwodui globil wouj ? 9) Ki teknik yo konn itilize pou yo anpeche moun k ap fè operasyon yo pèdi twòp san ? 10) Èske tretman ki egziste apa transfizyon san yo efikas nan ka timoun piti oubyen nan ka kote gen ijans, kote lavi moun an danje ? 11) Site youn nan prensip de baz doktè yo dwe suiv si yo vle bay bonjan swen medikal. 12) Poukisa li enpòtan pou se byen alavans yon kretyen chwazi lòt tretman ki egziste apa transfizyon san ? Ki jan li ka fè sa ?
Gen kèk tretman yo montre nan videyo sa a, se chak moun ki pou deside si y ap aksepte yo, ann amoni ak konsyans yo ki fòme selon prensip ki nan Bib la. Èske w deja deside ki tretman ki pa mande pou w pran san w ap aksepte pou tèt ou oswa pou pitit ou ? Si gen moun nan fanmi w ki pa Temwen, li ta bon pou w mete yo okouran de desizyon w pran an e li ta bon tou pou w fè yo konprann pou ki rezon se desizyon sa a ou pran. — Gade “ Questions des lecteurs ” ki te parèt nan La Tour de Garde 15 jen ak 15 oktòb 2000.