Èske w pare pou yon ijans medikal?
Ou ka gen yon ka ki oblije w antre lopital sanzatann, san ou pa t santi w gen anyen anvan sa (Jak 4:14). Kidonk, yon moun ki prevwayan ap prepare l otank posib depi alavans (Pwo. 22:3). Èske w chwazi ki tretman medikal ou dispoze aksepte epi èske w ekri yo yon kote? Pou ede nou, yo te fè DVD ki gen tit: Soigner sans transfuser — Besoins et dwoits du patient. Gen yon dezyèm videyo ki gen tit: Des alternatives à la transfusion — Documentaires ki nan DVD sa a. Pandan w ap gade l, eseye reponn kesyon ki pi ba yo. Piske videyo a gen kèk ti sèn kote y ap fè moun operasyon, paran yo ta dwe deside si y ap gade videyo a avèk timoun piti yo.
1) Poukisa gen kèk pwofesyonèl nan sektè medikal la ki rekonsidere kesyon transfizyon san an? 2) Bay twa egzanp operasyon konplike ki te fèt san transfizyon san. 3) Poukisa plizyè milye doktè ak chirijyen nan lemonnantye dispoze trete pasyan yo san transfizyon san? 4) Ki sa dènye rechèch ki fèt nan lopital yo montre konsènan itilizasyon san? 5) Ki risk ki egziste nan pran san? 6) Ki konklizyon anpil espesyalis rive fè konsènan avantaj ki genyen nan tretman ki fèt san yo pa itilize san? 7) Ki sa ki lakòz moun fè anemi e ki sa ki ka fèt pou diminye efè yon anemi? 8) Ki sa ki ka fèt pou ede kò yon pasyan pwodui plis globil wouj? 9) Ki teknik yo konn itilize pou yo anpeche moun k ap fè operasyon yo pèdi twòp san? 10) Èske tretman san transfizyon san yo efikas nan ka timoun piti oubyen lè gen ijans, kote lavi yon moun an danje? 11) Site youn nan prensip moral doktè yo dwe suiv si yo vle bay bonjan swen medikal.
Si w ap aksepte kèk nan tretman yo montre nan videyo a, etandone se yon kesyon ki gen rapò ak konsyans ou, ou pa dwe tann se lè ou gen yon ijans medikal pou w chwazi ki tretman w ap aksepte ak ki tretman ou pap aksepte. Pou ede w pran bon desizyon ki baze sou Bib la, egzamine chapit 7 nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a ak vèsè yo bay kòm referans ladan l yo. Anplis de sa, gade paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006 la. Apre sa, si w batize, ekri chwa w fè yo sou kat DPA pa w la epi toujou mache ak kat sa a avè w.
[Antrefilè nan paj 3]
Èske w deside ki tretman medikal ou dispoze aksepte epi èske w ekri yo yon kote?