Èske w konnen diferan posiblite w genyen yo?
Toupatou sou tè a, gen anpil lopital kote doktè yo fè moun operasyon san yo pa sèvi ak san, e kantite lopital sa yo ap ogmante. Èske w byen enfòme sou diferan tretman ki disponib nan domèn medikal, tretman kote yo pa sèvi ak san? Ou bezwen konnen dekwa pou w ka pran bonjan desizyon anrapò ak tretman medikal e anrapò ak operasyon. Gade videyo Pas de sang: La médecine relève le défi a. Apre sa, priye konsènan desizyon w gen pou w pran epi sèvi ak kesyon ki pi ba yo pou w fè revizyon sou sa w te aprann yo. — Remak: Kòm gen kèk kote nan videyo a yo montre kèk ti bout sèn kote y ap fè moun operasyon, lè paran yo ap gade videyo a, yo bezwen deside si y ap kite timoun piti yo gade l.
1) Ki prensipal rezon ki fè Temwen Jewova yo refize pran san? 2) Nan domèn medikal, ki jan de tretman Temwen Jewova yo ta renmen? 3) Ki dwa fondamantal malad yo genyen? 4) Poukisa li rezonab e li saj pou nou chwazi tretman ki pa mande pou nou pran san? 5) Lè yon moun ap pèdi anpil san, ki de bagay doktè yo dwe fè prese prese? 6) Site kat prensip doktè yo suiv lè y ap fè tretman san transfizyon san? 7) Ki sa doktè yo ka fè pou a) anpeche moun k ap sibi operasyon yo pèdi twòp san, b) konsève globil wouj yo, c) fè kò pasyan an ogmante kantite san li pwodui, e d) rekipere san k ap koule a? 8) Dekri a) metòd emodilisyon an ak b) teknik pou rekipere san k ap koule a. 9) Ki sa w ta dwe chèche konnen konsènan lòt tretman kote yo pa fè transfizyon san? 10) Èske li posib pou yo fè gwo operasyon ki konplike san yo pa itilize san? 11) Ki chanjman pozitif k ap fèt nan sektè medikal la?
Gen kèk tretman yo montre nan dokimantè sa a, se chak moun ki pou deside si l ap aksepte yo, ann amoni ak konsyans li ki fòme selon prensip ki nan Bib la. Èske w deja chwazi ki tretman e ki teknik ou dispoze aksepte pou ou menm ak pitit ou, e èske w deja ranpli yon kat DPA? Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, avèk atansyon, gade “Questions des lecteurs” nan Toudegad 15 jen 2004 (fransè) ak Toudegad 15 oktòb 2000 (fransè). Apre sa, sèvi ak kesyonè ki nan paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006 la ki gen tit “Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike?” pou w ka pran pwòp desizyon w sou tretman ou dwe aksepte oswa refize. Pou fini, asire w ou ekri egzakteman chwa w fè yo sou kat DPA a. Ni moun de konfyans ou chwazi yo ni manm fanmi w ki pa Temwen Jewova dwe byen konnen desizyon ou pran yo.