Predikasyon an fè nou diferan
1 Anpil moun ap mande “ ki sa k fè Temwen Jewova yo diferan de lòt relijyon yo ? ” Ki jan w ta reponn ? Ou ta kapab eksplike sèten nan kwayans biblik nou yo. Men tou èske w te panse montre kouman predikasyon piblik nou an fè nou diferan ? — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.
2 Jodi a, se ped moun relijye ki santi yo motive pou pataje kwayans yo ak lòt moun. Petèt yo panse obeyi lwa Seza bay, mennen yon vi moral desan, oswa fè bèl jès ak lòt moun, sa sifi. Toutfwa, yo pa santi yo gen okenn obligasyon pou ede lèzòt yo aprann sa Bib la di sou jan pou moun sove. Ki jan nou menm nou diferan ?
3 Ministè zele nou an kanpe sou yon lòt bit nèt parapò ak aktivite lòt relijyon yo. Depi plis pase 100 an, Temwen yo nan tan modèn nan ap preche bon nouvèl la avèk dilijans jiskaske yo rive nan dènye bout tè a. Yo imite premye kretyen yo. Objektif nou se ede plis moun posib mete lavi yo ann akò ak volonte Bondye. — 1 Tim. 2:4 ; 2 Pyè 3:9.
4 Ki repitasyon w genyen ? Èske yo konnen w kòm yon pwoklamatè zele nan preche Pawòl Bondye a (Travay 17:2, 3 ; 18:25) ? Èske aktivite predikasyon w lan fè vwazen w yo wè fasilman diferans ant relijyon pa yo a ak relijyon pa w la ? Èske yo konnen w kòm youn nan moun ki gen anpresman pou pataje esperans li ak lòt moun ? Èske w gen abitid patisipe nan ministè a regilyèman ? Sonje, se nonsèlman non nou an ki fè nou diferan, men tou se aksyon n ap fè selon sa non an reprezante pou nou : temwaye pou Jewova. — Iza. 43:10.
5 Lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen pouse nou angaje nou nan aktivite preche a (Mat. 22:37-39). Se sa k fè nou menm, tankou Jezi ak apòt yo, nou vle pwofite tout okazyon pou pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun. Avèk zèl, ann kontinye preche moun ki vle koute bon nouvèl la. Nan fè konsa n ap ede moun ki sensè yo “ wè diferans lan ant (. . .) moun k ap sèvi Bondye ak moun ki pap sèvi li. ” — Mal. 3:18.