Ki moun ki ta kapab asepte yon etid biblik ?
1 Pwofèt Amòs te anonse ta gen yon grangou nan peyi Izrayèl, “ yon grangou, non pa pou pen, ak yon swaf, non pa pou dlo, men pou tande pawòl Jewova yo ”. (Amòs 8:11.) Pou pwofi moun ki grangou e ki swaf espirityèlman yo, òganizasyon Jewova a distribye yon kokennchenn pil piblikasyon biblik nan lemonnantye.
2 Jiskisi, nou te enprime 70 milyon liv Connaissance ak 91 milyon bwochi Sa Bondye vle. Nou apresye senplisite ak efikasite piblikasyon sa yo, nan fason yo aprann moun laverite a. Sepandan, gen yon bann foul moun ki resevwa piblikasyon nou yo ki poko etidye Labib la avèk nou. Ki sa nou ka fè pou sa ?
3 Chak plasman vle di yon etid posib ! Ann egzamine eksperyans yon pwoklamatè ki te ofri yon dam yon etid depi premye fwa li te pale avè l nan yon pòt. Dam nan te asepte imedyatman. Annapre li te di pwoklamatè a : “ Ou se premye moun ki te ofri m pou w etidye Labib la avè m. ” Nan tèritwa pa w, ki kantite moun ki gen piblikasyon nou yo ki ta kapab di menm bagay la ? Chak plasman bay posiblite fè vizit ak etid biblik ak moun, lakay yo.
4 Piske souvan nou rankontre moun ki deja gen piblikasyon nou yo, kouman nou ka fè pou chofe enterè yo pou yo aprann sa ki nan piblikasyon nou yo ? Defason dirèk yon Temwen te mande yon metrès kay si l pa gen okenn kesyon biblik. Finalman, dam nan di l “ non. ” Sè a ensiste, li di l : “ Siman ou genyen. ” Dam nan te gen kesyon, e yo tou fè yon etid. Poukisa nou pa mande mèt kay la si l pa ta renmen konnen pwennvi Bib la sou yon kesyon oswa sou yon sijè ki konsène li ? Prepare pou w soulve yon kesyon enteresan si li menm li pa gen yon pwen nan tèt li. Yon konvèsasyon konsa kapab pave chemen an pou yon etid regilye sou verite biblik elemantè yo.
5 Aktivite etid biblik la se poto mitan ministè nou an. Piske nou pa janm konnen ki moun ki ka asepte yon etid, pa ezite ofri tout moun nou rankontre yo youn. Mete kesyon an devan Jewova nan lapriyè, epi aji ann akò ak priyè nou fè a. Nan ped tan, nan moun w ap ofri yon etid, li pwobab w ap jwenn youn ki asepte l ! — 1 Jan 5:14, 15.