Repons kesyon w yo
◼ Sou ki sa n ap baze pou nou konnen si nou mèt kite yon piblikasyon pou moun nou rankontre a?
Bagay ki pi enpòtan pou nou fè se chèche konnen si moun nou rankontre a enterese. Si moun nan montre li vrèman enterese, nou ka kite de peryodik pou li oubyen yon bwochi oubyen yon liv oubyen nenpòt lòt piblikasyon n ap ofri. N ap fè sa menmsi nou ta remake se yon ti monnen li bay kòm ofrann pou travay mondyal la oubyen menmsi li pa bay kòb ditou (Jòb 34:19; Rev. 22:17). Yon lòt bò, nou pa dwe kite piblikasyon nou yo ki gen anpil valè pou moun ki pa apresye yo. — Mat. 7:6.
Ki sa moun nou rankontre a ka fè k ap montre li enterese? Lefètke moun nan dispoze pale avèk nou sa se yon bon siy. Lè li koute sa n ap di l, li reponn kesyon nou poze l, e li fè nou konnen sa l panse, sa montre li enterese nan konvèsasyon an. Lè n ap li yon vèsè nan Bib la e l ap suiv pandan n ap li vèsè a, sa montre li gen respè pou Pawòl Bondye a. Souvan, li bon pou nou mande moun nan si l ta renmen li piblikasyon n ap ofri l la. Pwoklamatè yo dwe gen bon jijman pou yo ka detèmine si yon moun enterese vre. Pa egzanp, lè n ap preche nan lari, li pa apwopriye pou nou bay nenpòt moun k ap pase peryodik yo oubyen bwochi yo, oubyen liv yo, san nou pa konnen si y ap li yo. Si nou pa ka wè si yon moun enterese, li ta pi bon pou nou ba li yon fich envitasyon oubyen yon feyè.
Menm jan an tou, kantite piblikasyon yon pwoklamatè resevwa nan stann piblikasyon an dwe depann de sa li vrèman bezwen dekwa pou li efikas nan ministè l, men sa pa depann de kantite kòb li ka bay kòm ofrann. Lè nou bay ofrann, se pa peye nou peye pou piblikasyon yo men se soutni nou soutni tout aspè nan travay predikasyon an k ap fèt toupatou sou tè a. Kèlkeswa sitiyasyon ekonomik nou, apresyasyon nou genyen pou travay Wayòm nan ap pouse nou bay nan sa nou genyen avèk jenewozite pou nou soutni enterè Wayòm nan menmsi nou nan nesesite men se pa nan sa nou genyen ki pa deranje nou n ap bay (Mak 12:41-44; 2 Kor. 9:7). Sa ap ede nou pran piblikasyon nou bezwen sèlman, konsa nou pap gaspiye lajan yo bay kòm ofrann pou travay mondyal la.
[Antrefilè nan paj 2]
Pwoklamatè yo dwe gen bon jijman pou yo ka detèmine si yon moun enterese vre.