Annou itilize piblikasyon biblik nou yo avèk sajès
1, 2. Ki jan anpil moun konsidere piblikasyon biblik nou yo e ki kesyon sa soulve ?
1 “ M ap li piblikasyon nou yo depi 1965. Mwen itilize Bib la lè m ap li yo, e tout sa ki nan ouvraj sa yo ann akò ak Bib la. Mwen te toujou vle konnen laverite sou Bondye ak Jezi, e onètman, mwen ka di mwen jwenn repons ki vrè grasa sijè nou yo e grasa Labib. ” Pawòl sa yo se pawòl yon mesye te ekri syèj mondyal Temwen Jewova yo e li te tou mande yon etid biblik.
2 Menm jan ak mesye sa a ki gen rekonesans, gen plizyè milyon moun tout kote sou tè a ki apresye piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” founi pou ede moun etidye Labib (Mat. 24:45). Chak ane, yo pwodui yon pakèt piblikasyon pou ede moun ki gen kè onèt “ rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Tim. 2:4.) Ki jan nou ka itilize piblikasyon biblik nou yo avèk sajès ?
3. Ki jan nou ka evite gaspiye piblikasyon yo ?
3 Evite gaspiyaj : Apre yon sèten tan, nou ka vin gen plis piblikasyon pase kantite n ap itilize an reyalite. Ki sa nou ka fè pou nou evite gaspiye piblikasyon nou yo ki tèlman gen valè ? Nou bezwen gen disènman lè n ap pran piblikasyon pou nou itilize nan ministè a. Olye pou nou pran yon pakèt nan yon sèl piblikasyon pou n al ofri, nou ka pran youn oubyen de, apre sa nou ka retounen vin pran lòt lè nou fin plase sa nou te pran yo. Sa ap pèmèt nou pa gen yon pakèt peryodik ki fè pil lakay nou. Menm jan an tou, si nou gen anpil peryodik lakay nou nou pa t rive plase, li ta bon pou nou redui kantite n ap mande.
4. Ki sa ki ka fèt si yon kongregasyon gen piblikasyon anplis nan stòk li ?
4 Piblikasyon ki anplis : Si kongregasyon an gen kèk piblikasyon anplis nan stòk li, frè ki responsab sèvis piblikasyon an ka twouve l bon pou l tcheke si pa gen lòt kongregasyon nan anviwon an ki ta ka itilize piblikasyon ki anplis yo. Pwoklamatè yo kapab ofri manm fanmi yo ki pa kwayan ansyen piblikasyon yo, oubyen yo kapab ofri moun y ap etidye Labib ak yo oswa lòt moun ankò. Moun ki fèk ap frekante kongregasyon an ka byen kontan gen ansyen piblikasyon sa yo pou bibliyotèk pèsonèl yo.
5. Ki jan nou ka demontre apresyasyon pou piblikasyon nou yo ?
5 Nou vle pou piblikasyon nou yo atenn objektif yo, sa vle di pou yo ede moun ki sensè aprann plis bagay sou bèl pwomès Jewova yo. Menm jan Jezi pa t gaspiye manje ki te rete apre li te fin nouri yon foul pa mwayen yon mirak, se menm jan an tou nou ta dwe gen objektif pou nou byen itilize piblikasyon biblik ki gen anpil valè nou resevwa yo (Jan 6:11-13). Mesaj ki bay lavi ki gen nan piblikasyon nou yo pap kapab touche kè moun ki renmen jistis si piblikasyon yo rete sou yon etajè oubyen nan valiz nou. Kidonk, nou dwe rezonab lè n ap pran piblikasyon pou n al ofri nan ministè a e nou dwe itilize yo avèk sajès pou lòt moun ka tire pwofi ladan yo. — Fil. 4:5.