Annou byen sèvi ak piblikasyon nou yo
1. Ki jan nou ka imite Jezi nan kesyon montre rekonesans nou anvè Jewova pou dispozisyon li pran an favè nou yo?
1 Apre Jezi te fin fè yon mirak pou l bay yon gwo foul moun manje, li te di disip li yo pou yo ranmase rès ki rete yo (Mat. 14:19-21). Konsa, Jezi te montre li apresye dispozisyon Jewova pran yo, e sa se yon bèl egzanp li kite pou nou. Nou ta dwe ‘montre nou rekonesan’ pou dispozisyon Jewova pran an favè nou yo lè nou byen sèvi ak tout sa Li ban nou pa mwayen entandan fidèl la. —Kol. 3:15; Lik 12:42; Mat. 24:45- 47.
2. Ki sa nou ka fè pou nou pa gen yon pakèt peryodik ki rete nan men nou?
2 Peryodik: Li fasil pou nou kite peryodik yo anpile. Si sa rive nou ret rès peryodik nan men nou souvan, nou dwe diminye sou kantite nou abitye mande a. E ansyen peryodik yo menm, ki sa nou ka fè avèk yo? Se pa paske peryodik sa yo ansyen ki fè sa ki ekri ladan yo a pèdi valè. Si nou gen ansyen peryodik nou pa t plase, petèt siveyan sèvis la oswa yon lòt ansyen ka ede nou jwenn yon bon mwayen pou nou plase yo.
3, 4. Ki sa nou bezwen sonje lè n ap pran piblikasyon nan kongregasyon an ?
3 Lòt piblikasyon: Lè piblikasyon n ap ofri pou mwa a chanje, anvan w al mande lòt piblikasyon nou pral ofri a nan Sal la, verifye si w pa deja gen piblikasyon sa a lakay ou. Nou ta dwe pran sèlman kantite n ap bezwen pou semèn nan, e lè nou fin plase yo n a retounen mande lòt si sa nesesè.
4 Lè se piblikasyon nou bezwen pou nou itilize pèsonèlman, n ap mande sèlman kantite nou vrèman bezwen an. Nou dwe ekri non nou sou piblikasyon an, nan espas yo mete pou sa. Sa ap pèmèt nou rejwenn piblikasyon sa a si l ta pèdi. Si w abitye sèvi ak Watchtower Library sou CD-ROM e ou abitye konsève peryodik ou itilize pèsonèlman yo, petèt ou ka twouve li pa nesesè pou w kòmande volim relye Toudegad ak Réveillez-vous!
5. Ki sa nou dwe sonje lè nou bay yon moun piblikasyon?
5 Lè nou bay yon moun piblikasyon: Nou dwe fè efò pou se sèlman moun ki montre yo enterese nou bay piblikasyon. Nou dwe sonje se nou menm an premye ki gen responsablite pou nou kontribye pou kouvri depans piblikasyon nou yo koute, piblikasyon ki se zouti presye nan ministè nou. Lè nou kite piblikasyon nan men moun ki enterese yo, n ap fè yo konnen yo gen privilèj pou yo soutni travay predikasyon mondyal la lè yo bay ofrann volontè.
6. Poukisa nou bay piblikasyon nou yo anpil valè, e ki sa ap pouse nou fè avèk yo?
6 Jezi te konn fè mirak pou l bay moun manje nan domèn fizik, men li te konn nouri yo pi souvan nan domèn espirityèl. Li te di: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:4). Piblikasyon nou yo gen ladan yo verite ki endispensab pou moun jwenn lavi etènèl (Jan 17:3). Piblikasyon sa yo gen twòp valè pou nou ta gaspiye yo.