BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/02 p. 1
  • Demontre rekonesans pou byen teyokratik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Demontre rekonesans pou byen teyokratik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Annou itilize piblikasyon biblik nou yo avèk sajès
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Annou byen sèvi ak piblikasyon nou yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Lè n ap ofri piblikasyon nan tèritwa kote gen moun ki pale lòt lang
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sèvi avèk yo olye nou stoke yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 9/02 p. 1

Demontre rekonesans pou byen teyokratik yo

1 Lè wa Yochiya te pran dispozisyon pou fè repare tanp lan, men sa li te di pou l felisite moun li te bay fè travay la : “ Yo pa dwe fè regleman ak moun yo remèt lajan an nan men yo a, paske yo se moun ki serye nan travay y ap fè. ” ​(2 Wa 22:3-7). Yo te rekonèt respè mesye sa yo genyen pou bagay ki sakre, nan fason yo te jere lajan ak byen materyèl yo te konn konfye yo. Jodi a, etan n ap akonpli “ travay sakre ki gen rapò ak bon nouvèl Bondye a ”, nou menm tou, nou bezwen montre nou serye nan fason n ap jere byen yo konfye nou.

2 Lè nou nan predikasyon : Si nou gen konsiderasyon pou mesaj enpòtan ki nan piblikasyon nou yo, e si nou konsidere kantite kòb sa koute pou yo fè yo, n ap ba yo anpil enpòtans. Si gen moun ki pa bay mesaj ki gen nan Bib la enpòtans vre, nou pa dwe kouri ba yo piblikasyon san gade dèyè. Si yon moun pa montre bon nouvèl la enterese li ase, prefere nou ba l yon feyè, tan pou nou ba li yon liv oubyen yon peryodik.

3 Se pou nou distribye piblikasyon nou yo yon fason ki montre nou konn valè yo. Evite kite piblikasyon nan zòn kote moun yo ap annik lage yo atè. Pou evite gaspiyaj, sonje ki kantite piblikasyon w genyen lakay ou anvan w mande lòt. Si w rann ou kont ou toujou gen peryodik ki rete nan men w, wè si w a diminye kòmann ou.

4 Piblikasyon ki pou nou : Se piblikasyon nou vrèman bezwen pou nou kòmande sèlman. Nou fèt pou n evite mande piblikasyon pou granmesi sitou lè n ap kòmande Bib dore, gwo Bib ak referans, ak lòt gwo liv tankou Concordance, Index, Étude perspicace ak Proclamateurs. Tout liv sa yo koute anpil kòb.

5 Èske w pran abitid ekri non w ak adrès ou nan piblikasyon pa w yo. Sa ap ede nou pou nou pa kouri al kòmande yon piblikasyon san nesesite, pou nou ranplase yon lòt nou pa t wè kote nou te mete l. Si w gen yon kantik, yon Bib oubyen yon liv y ap etidye ki pèdi, petèt ou ka jwenn li kote yo mete bagay ki pèdi swa nan Sal la, oubyen nan yon lokal kongrè. — Lik 15:8, 9.

6 Annou fè efò pou nou byen sèvi ak piblikasyon nou yo. Sa se youn nan fason pou nou demontre nou fidèl nan fason n ap sèvi ak lajan ansanm ak byen Wayòm nan, byen Jewova konfye nou. — Lik 16:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje