BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 fevriye p. 4
  • Byen sèvi ak piblikasyon yo ki baze sou Bib la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen sèvi ak piblikasyon yo ki baze sou Bib la
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Annou itilize piblikasyon biblik nou yo avèk sajès
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Lè n ap ofri piblikasyon nan tèritwa kote gen moun ki pale lòt lang
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • “M ap pran piblikasyon pa w la si w aksepte pran pa m nan”
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 fevriye p. 4
Yon dam k ap koute Temwen Jewova k ap ofri l bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Byen sèvi ak piblikasyon yo ki baze sou Bib la

Men sa Jezi te di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” (Mt 10:8). Nou suiv prensip sa a lè nou pa mande moun yo peye pou yon Bib oswa pou piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la lè n kite yo pou yo (2Ko 2:17). Sepandan, piblikasyon sa yo gen verite ki gen anpil valè ki soti nan Pawòl Bondye a. Nou fè anpil efò ak anpil depans pou n enprime yo e pou n voye yo bay kongregasyon yo ki toupatou sou tè a. Se sa k fè nou ta dwe pran sèlman sa nou bezwen.

Lè n ap bay yon moun yon piblikasyon, li mèt se nan temwayaj piblik, se pou nou aji avèk bon konprann (Mt 7:6). Olye pou nou annik lonje yon piblikasyon bay yon moun k ap pase, pito n chèche fè yon konvèsasyon ak li pou n wè si l enterese. Èske n ka reponn wi pou omwen youn nan kesyon ki nan kare ki mache ak atik sa a? Si n pa rive wè enterè moun nan, li pi bon pou n ba l yon feyè. Natirèlman, si l mande n yon peryodik oswa yon lòt piblikasyon, n ap kontan ba li l. — Pw 3:27, 28.

ÈSKE MOUN NAN. . .

  • koute n avèk atansyon pandan n ap pale a?

  • patisipe nan konvèsasyon an?

  • dakò l ap li piblikasyon an?

  • bay yon ofrann?

  • byen reyaji parapò ak sa l tande nan Pawòl Bondye a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje