“M ap pran piblikasyon pa w la si w aksepte pran pa m nan”
Moun nan kèk peyi konn di nou pawòl sa a lè nou ofri yo piblikasyon. Etandone nou pap boukante piblikasyon nou yo ak piblikasyon moun yo ap bay k ap simaye manti, si yo ta di nou yon pawòl konsa, kòman nou ka reponn yo avèk tak (Wom. 1:25)? Men sa nou ka di: “Mwen remèsye w pou òf ou fè m nan. Men, ki sa piblikasyon sa a di sou solisyon ki genyen pou pwoblèm lèzòm ap rankontre yo? [Kite moun nan reponn. Si moun nan mande w pou w li piblikasyon l lan pou w ka jwenn repons pou kesyon ou poze l la, ou ka fè l sonje, lè w ap ofri yon moun yon piblikasyon ou toujou di l sa l gen ladan l. Apre sa, ou ka li Matye 6:9,10 avè l oubyen ou ka site pawòl ki nan vèsè yo.] Jezi te montre Wayòm Bondye a pral fè volonte Bondye fèt sou tè a. Se sa k fè, sèl piblikasyon relijyon pibliye mwen li, se piblikasyon ki atire atansyon moun sou Wayòm Bondye a. Èske m ka montre w kèk bagay byen presi Wayòm Bondye a pral fè pou lèzòm?”