BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/11 p. 7
  • Nan ki eta yo ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nan ki eta yo ye?
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Lè n ap ofri piblikasyon nan tèritwa kote gen moun ki pale lòt lang
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Annou itilize piblikasyon biblik nou yo avèk sajès
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • “M ap pran piblikasyon pa w la si w aksepte pran pa m nan”
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 10/11 p. 7

Nan ki eta yo ye?

Sa se yon bon kesyon pou nou poze tèt nou sou kèlkeswa piblikasyon nou gen entansyon ofri moun yo. Si nou prezante moun yo piblikasyon ki fè zòrèy, ki pèdi koulè, ki sal oubyen ki chifonnen, sa ap fè yo gen yon move enpresyon sou òganizasyon Jewova a e sa ka detounen atansyon yo sou mesaj ki nan piblikasyon yo, yon mesaj ki bèl e ki ka sove lavi yo.

Ki sa nou ka fè pou nou kenbe piblikasyon yo an bon eta? Gen anpil pwoklamatè ki twouve li bon pou yo ranje valiz predikasyon yo yon fason pou tout piblikasyon ki menm yo ansanm. Pa egzanp, yo mete liv yo yon sèl kote, yo mete peryodik ak bwochi yon lòt kote e yo gen yon lòt plas pou yo mete feyè, eksetera. Lè y ap mete Bib la ak lòt piblikasyon yo te itilize yo nan plas yo, yo fè sa avèk swen dekwa pou yo pa andomaje piblikasyon yo. Gen lòt pwoklamatè ki mete piblikasyon yo nan pòt dokiman, nan pòt peryodik oubyen nan valiz transparan. Kèlkeswa kote nou mete piblikasyon nou yo, nou pa dwe bay yon moun yon rezon valab pou l jwenn yon bagay ki pa bon nan travay predikasyon n ap fè a paske nou te ba l yon piblikasyon ki an movèzeta. — 2 Kor. 6:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje