“Ofri moun yo yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese yo”
Pandan plizyè mwa nou t ap ofri liv Sa Labib anseye a e nou t ap fè efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik ak moun yo depi premye fwa nou rankontre yo a, yo te ankouraje nou pou nou “ofri moun yo yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese yo” lè yo deja gen liv la e yo pa aksepte yon etid biblik. Poukisa?
Bwochi yo ak ansyen peryodik yo gen yon pakèt sijè ki reponn ak bezwen moun yo jodi a. Ka gen yon bagay nan piblikasyon sa yo ki touche kè moun nou rankontre a. Kidonk, lè n ap prepare valiz predikasyon nou, mete ladan l plizyè bwochi diferan ak kèk ansyen peryodik. Si nou pa gen ansyen peryodik, petèt nou ka jwenn kèk nan stann peryodik la. Konsa, si moun n ap preche a deja gen liv Sa Labib anseye a e li pa aksepte yon etid biblik, nou ka montre l kèk peryodik oubyen kèk bwochi nou genyen. Apre sa nou ka mande l chwazi kiyès ladan yo ki enterese l. Ansuit, nou ka pran yon randevou avè l pou nou retounen kiltive enterè li demontre a. Petèt nou ka rive kòmanse yon etid biblik avè l.