Preche “tout kalite moun”
1. Sa k fè yon bon evanjelizatè sanble ak yon bon atizan?
1 Yon bon atizan gen plizyè zouti, li konnen ki lè pou l sèvi avèk yo e li konnen ki jan pou l sèvi ak yo chak. Menm jan an tou, nou gen plizyè zouti pou ede nou akonpli travay nou antanke evanjelizatè. Pa egzanp, yo pibliye anpil bwochi ki pale sou divès sijè pou ede nou preche “tout kalite moun”. (1 Kor. 9:22.) Nan paj mitan Ministè Wayòm nan, yo site kèk nan bwochi sa yo. Yo esplike pou ki moun yo te fè bwochi sa yo e yo bay sijesyon sou fason nou ka prezante yo.
2. Lè n ap preche, ki lè nou ka ofri yon moun yon bwochi?
2 Lè pou nou sèvi ak bwochi yo: Yon atizan itilize zouti k ap ede l nenpòt lè sa nesesè. Menm jan an tou, nou ka ofri bwochi yo nenpòt lè nou wè sa ka ede moun yo, se pa lè bwochi yo se òf pou mwa a sèlman nou ka ofri yo. Pa egzanp, si òf pou mwa a se liv Sa Labib anseye a e n ap preche nan yon peyi oubyen nan yon zòn kote moun yo pa Kretyen sètadi yo pa twò enterese nan sa Bib la di, li t ap pi bon pou nou ofri moun nan yon bwochi ki apwopriye. Lè nou fin kiltive enterè moun nan genyen, nou ka ofri l liv Sa Labib anseye a.
3. Poukisa nou dwe vin maton nan fason nou sèvi ak zouti nou genyen yo pou nou bay temwayaj?
3 Ekriti yo pale an byen de moun ki maton nan travay yo (Pwo. 22:29). Se sèten, jodi a, pa gen okenn travay ki pi enpòtan pase ‘travay anonse moun yo bon nouvèl Bondye a, yon travay ki sakre’. (Wom. 15:16.) Pou nou ka “yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont”, nou bezwen vin maton nan fason nou sèvi ak zouti nou yo. — 2 Tim. 2:15.