Pwochen nou yo bezwen tande bòn nouvèl la
1 Se volonte Bondye “ pou tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzat sou laverite ”. (1 Timote 2:4.) Si yo di “ tout kalite moun ”, sa vle di tout pwochen nou yo. Pou nou rive transmèt yo bòn nouvèl la, sa mande pou nou fleksib nan fason n ap prezante mesaj la, e pou nou reflechi sou sa ki petèt enterese chak moun nou rankontre (1 Korentyen 9:19- 23). Òganizasyon Jewova a founi nou zouti ki kapab ede nou touche kè moun ki nan “ bonjan dispozisyon pou lavi etènèl ”. (Ak 13:48.) Annou gade ki jan nou kapab sèvi ak plizyè varyete bwochi, diran mwa jiyè ak mwa dawou, pou nou satisfè bezwen espirityèl pwochen nou yo.
2 Yon seri bwochi ki fèt pou sa : Piba a nou gen yon lis sijesyon ki kapab itil pou prezante kèk nan bwochi nou yo. Pou chak sijesyon, n ap jwenn: 1) yon kesyon ki fè reflechi, pou pèmèt nou kòmanse yon konvèsasyon, 2) yon referans ki di nou ki kote nan bwochi a nou kapab jwenn pwen pou nou debat, e 3) yon vèsè apwopriye nou kapab li pandan dyalòg la. Pou rès konvèsasyon an, nou gen dwa sèvi ak pawòl pa nou, selon sa ki enterese moun nan. Pou pifò nan bwochi yo, yo site yon ansyen nimewo Le ministère du Royaume ki bay plis detay sou fason nou kapab prezante bwochi a.
Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ?
Daprè ou menm, ki espwa ki genyen pou moun ki sibi enjistis ? — Paj 27-8, paragraf 23-7 ; Izayi 65:17, 18; km 7/97 paj 4.
Quel est le but de la vie? Comment le découvrir?
Pou ki sa jodi a gen tout moun sa yo ki pa satisfè ak fason y ap viv ? — Paj 29-30, paragraf 2, 25-6 ; Sòm 145:16; km 7/96 paj 4.
Viv alèz sou tè a pou tou tan !
Sa poko rive ou mande ki sa Jezikri ap fè kounye a ? — Desen 41-2 ; Revelasyon 11:15; km 8/96 paj 8.
Le gouvernement qui établira le Paradis.
Èske w ta renmen jwenn ransèyman sou Wayòm Jezi te mande nou priye pou li a ? — Paj 3 ; Matye 6:9, 10; km 8/96 paj 8.
Quand la mort frappe un être aimé...
Èske sa deja rive ou mande ki jan pou w konsole yon moun ki pèdi yon zanmi oswa yon fanmi li te renmen ? — Paj 26, paragraf 2-5 ; Jan 5:28, 29; km 7/97 paj 4.
Doit-on croire à la Trinité ?
Daprè ou menm, èske se yon bagay ki enpòtan pou avni nou, pou nou konnen kiyès Bondye ye an reyalite ? — Paj 3, paragraf 3, 7-8 ; Jan 17:3.
3 Lòt Bwochi toujou : Nan paj mitan Le ministère du Royaume mwa fevriye 1998 la, nou te jwenn yon lis bwochi ak lòt piblikasyon, ki fèt espesyalman pou boudis, endou, jwif ak mizilman. Chak fwa nou twouve li apwopriye, nou kapab ofri bwochi sa yo bay moun nou rankontre. Nou kapab gade sijesyon nou jwenn nan paj 4-6 Le ministère du Royaume mwa fevriye a ankò, epi nou kapab konpare sijesyon sa yo ansanm ak sa ki nan paj 21-4 liv Comment Raisonner a. Sa va pèmèt nou prepare kèk prezantasyon tou kout ki kapab ogmante enterè moun sa yo.
4 Gen yon lòt bwochi ki prepare pou ede moun ki fè gwo etid, men ki pa konnen anpil bagay nan Bib la. Se yon bwochi ki la pou bay moun anvi egzamine Pawòl Bondye. Lè nou gen okazyon, nou kapab ofri l. Se bwochi :
Un livre pour tous.
Si n ap pale de bon edikasyon pou moun resevwa, èske w panse konesans biblik ladan l ? — Paj 3, paragraf 1-3 ak paj 30, paragraf 2 ; Eklezyas 12:9, 10.
5 Yon bwochi ki fèt pou fè etid : Nou ta dwe toujou gen objektif pou nou kòmanse yon etid biblik, keseswa nan premye rankont la, oubyen nan yon lòt vizit. Pou nou rive fè sa, nou genyen yon bwochi ki pèmèt nou non sèlman kòmanse yon etid, men tou li pèmèt nou dirije l byen fasil. Se bwochi :
Ki sa Bondye Vle Nou Fè ? (Ce que Dieu attend de nous)
Èske w te konnen si w pran sèlman 30 a 40 minit chak semèn, pandan 16 semèn, ou kapab rive genyen yon konesans de baz nan Bib la ? — Leson 2, paragraf 6 ; 2 Timote 3:16, 17; km 3/97 paj 4.
6 Nan egzanp sou bon samariten an, Jezi te montre yon vrè pwochen se yon moun ki bay prèv li gen amou ak bonte nan kè l pou moun ki aflije (Lik 10:27-37). Pwochen nou yo aflije nan domèn espirityèl. Yo bezwen tande bòn nouvèl la. Annou pran reskonsablite pataje bòn nouvèl la avèk yo. Kon sa n ap montre nou se vrè disip Jezikri. — Matye 24:14 ; Galat 5:14.